Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Yo gobe Jojo

Artist: Fouco
Album: Fouko
src: ht
Back

Paroles

src: ht
Nan pawòl mèt chat la manje chat la, Gen moun ki di se Sendomeng. Jojo {Jovenel Moise} te bay Lamorthe dechaj. Li t ap regle zafè l ak Larisi. Gen moun ki di parenn li ki livre l. Sèl sa m konnen yo sabote l. Wololoy, wololoy, anmwey! Nèg yo mechan wi sou tè sa a, mesye. Hmm. Wololoy, wololoy, anmwey! Si w bezwen wè kote nèg yo kriminèl se desann Ayiti. Nèg yo gen kè vre mesye, yo touye prezidan an. Oh, shit! Sof vòlè k ap rete. Fouco l ye, cheri! Yo gobe Jojo. Nèg yo gobe Jojo. Yo gobe Jojo. Nèg yo gobe Jojo. Yo gobe Jojo. Nou tout koupab, nou pa t vle wè li. Tout sa Jojo t ap di nou te di se manti. Se fòt pa nou, nou pa t janm sipòte li. Gad yon kalòt entènasyonal la ban nou! Gouvènman, kisa w te fè pou sa? Sektè prive kisa w te fè pou sa? - Anyen, non. Lapolis, kisa w te fè pou sa? Lajistis, kisa w te fè pou sa? - Yo pa t fout fè'anyen! Yo gobe Jojo. Nèg yo gobe Jojo. Yo gobe Jojo. Nèg yo gobe Jojo. Yo gobe Jojo. Nou tout koupab, nou pa t vle wè li. Tout sa Jojo t ap di nou te di se manti. Se fòt pa nou, nou pa t janm sipòte li. Gad yon kalòt entènasyonal la ban nou! Dyaspora, kisa w te fè pou sa? - Jan w wèl la. Etidyan, kisa w te fè pou sa? Jounalis, kisa w te fè pou sa? - N pa t fout fè'anyen Palemantè {palmantè}, kisa w te fè pou sa? Yo gobe Jojo. - Ak rach. Nèg yo gobe Jojo. - Ak-47. Yo gobe Jojo. - T-65. Nèg yo gobe Jojo. - Ak galil. Yo gobe Jojo.

Traduction

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: FR
Not saved