Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Chanjman

src: ht
Back

Paroles

src: ht
(Refren, Lady R) Fò n mande chanjman pou frè nou yo Fò n mande chanjman pou sè nou yo Fò n mande chanjman, Fò n mande chanjman Fò n mande chanjman pou peyi nou (MC BOP) Pou yo, n ap chante pou yo e pou nou Oulala! ala de traka pou yon ti pèp nwa Se wè yo wè y ap viv men yo pa konn pouki y ap viv Men pye yo pa koupe, ponyèt yo pa kase Men wi men non, men yo pa janm ... Gen sa ki eseye sove pou wè si vi yo ta chanje Gen sa ki pran kanntè, anpil anpil nan yo mouri nan fon lanmè Gen sa ki rive ki di: “Beni soit L'Étènèl !” Ki tenten mizè sa a, ki tenten lanfè sa a M di non non sa pa bon, yon ayisyen dwe gen dwa Pou l ret lakay li, pou li viv jan l dwe viv Se pa fòt mwen se pa fòt ou Se fòt yo; yo gen dwa fè mwen ak ou goumen San nou pa rann nou kont ke se yo Ils nous ont appris à mentir, à dénoncer, à trahir À nous résigner, à nous désolidariser, à nous mettre à genoux, À nous croupir, à nous avilir, à tout accepter sans le moindre refus Ils nous ont appris à ne plus avoir confiance en nous-mêmes À faire semblant que tout va bien Alors que nos corps ne peuvent plus tenir nos têtes Ala yon fwèt pou nou, chay sa twòp pou nou Menmjan ak tout gwo peyi, nou vle yon Ayiti miyò, nou vle yon demen miyò Nou vle yon chanjman total pou tout frè nou yo, ye ye, pou tout sè nou yo Yon chanjman total pou Ayiti, se sa n ap mande toulèjou (Refren, Lady R) Fò n mande chanjman pou frè nou yo Fò n mande chanjman pou sè nou yo Fò n mande chanjman, Fò n mande chanjman Fò n mande chanjman pou peyi nou (MC BOP) Ayiti ... bèl fleri, pouki jodi a l ap peri Tout pitit vanyan l yo pifò fin mouri Intelektyèl, nèg save, nèg ki swadizan di yo se nèg lespri Lajan, foli milyonè vin fè yo sòt pase panyen pèsi Yo tonbe fè ti figi pou yo kapab jwenn money Yo pito fè konplo, ... yon bann peyi pou yo di se richès Ayiti Ti pèp la fin deperi, li san zanmi, li san fanmi Malere pa janm sispann bouske lavi Nan mande, nan priye, ajenouye pou yo kapab jwenn yon kichoy Dirijan yo pèsonèl, pèp la bèbè, boy Ke volonte Bondye fèt, ti frè m yo kontinye toujou ap disparèt Apre tout sa kite deja elimine pa pakèt Se pwòp san n ki lakoz gran frè n yo koule pou pran plezi, pou jwèt Yo nan misyon, yo alachas, y ap fè lachas o nèg Tout sa se pou fè plezi fon pòch yo Yo aranje yo kote gwo blan yo Y ap chache relasyon, y ap kreye divizyon Ti pèp la di ase, li mande padon (Refren, Lady R) Fò n mande chanjman pou frè nou yo Fò n mande chanjman pou sè nou yo Fò n mande chanjman, Fò n mande chanjman Fò n mande chanjman pou peyi nou (MC BOP) Noir, je suis fier d’être noir Comme toutes les races jaune ou blanc Qui n’aiment pas perdre leur temps Les americains disent: “Time is moneyC’est juste pour construire, juste pour bâtir Pour le développement, le progrès et l’avenir de leur pays Tandis que les Haitiens disent: “Koukouj klere pou je w” Egoïsme ou racisme, c’est de la merde, plus de temps à perdre Nourriture importée, vêtements importés Dans ce cas qu’est-ce qu’on doit dire ? qu’est-ce qu’on doit faire ? Pour tous ceux qui vivent dans la misère Se pa fè l ban m pa m, pran pa w, wete, wete kò w Peyi nou fin fucked up, nou vle sispann viv selon la pawòl Lang ou dous pase siwo, mesye Pòl Fè pale de ou, fè pale de ou, men ban nou yon chans pou nou pwogrese Men ban nou yon chans pou nou avanse Se sa nou toujou ap mande yo, se sa nou toujou ap priye yo Yo genlè poko fin pije n, O Bondye di n kisa n fè n ap peye (Refren, Lady R) Fò n mande chanjman pou frè nou yo Fò n mande chanjman pou sè nou yo Fò n mande chanjman, Fò n mande chanjman Fò n mande chanjman pou peyi nou

Traduction

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: FR
Not saved