Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Paroles

src: ht
(Boum! 2016) BIC [Entwo] Alright then Nou den den den deng [Refrebn] Boum chakalakalalaka e Genlè nou pap chape Boum chakalakalalaka e e O adye Bondye Boum chakalakalalaka e e Ole ole 1 Anba pano ki di machin pa kanpe la Se la nou fè stasyon kamyonèt ak taksi moto Anba pano ki di machann pa chita la Se la nou vann pica pollo, pèpè ak boul gogo Kote pou n pa antre se la nou fonse Bote pou n pwoteje se li nou defonse Nou tankou sèpan k ap mòde pwòp ke li Kritike lòt la men nou pa pi pwòp ke li Lakansyèl isit pèdi respè Paske depi nan kindergarten yo fè n renmen on sèl koulè Tèt byen fèt, tèt byen plèn pa alamòd Paske tout jèn gason pito mache tèt kagoule Timoun pa ka manje, nou pa mind Granmoun ap manje dan aletranjè nou pa mind pi rèd Rèv jenès la mouri nan pasay Plis m ap fè pi bèl pwezi, se plis nou pi lèd [Anvan-refre] Rele legliz li pa reponn Rele vodouyizan li pa reponn Sosyete sivil li pa reponn Mwen rele gouvènman li pa reponn Tout moun nan peyi a okipe, yo tout sou entènèt ap tchat sou telefòn [Refren] Boum chakalakalalaka e Genlè nou pap chape Boum chakalakalalaka e e Genlè peyi a pran boule Boum chakalakalalaka e e Adye Bondye [Pon] Nou fè tout vi nou ap fè sa ki pa nan enterè nou Nou pase tout vi nou nan mete pwazon pou tèt nou Nou anchene pye nou boum Nou manje po pye nou boum boum Nou pike kè nou boum Nou rache popyè nou boum boum boum

Traduction

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: FR
Not saved