Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Lè w manyen m

src: ht
Back

Paroles

src: ht
Lè w manyen m Lè w manyen m, Mwen fèmen tankou parapli Je m lanvè, tout kò m ap sezi, Tankou m prale nan yon lòt vi Oh, Lè w manyen m Mwen pa fouti konnen sa m ye: Yon lanj? yon wa? yon ti Bondye? Mwen pa ka esplike jan m ye [Refren] Lè w manyen m Lalin chanje katye, Lòlòj nou chavire, Kri nou marye. Lè w manyen m Fòs nou kraze lanfè, Malè tounen bonè, Nou pran rele Lè w manyen m Lè w manyen m Lè w manyen m Solèy leve nan mitan kè m, Ou akòde menm jan avè m, Ou tounen poupye pou chalè m Lè w manyen m Dife pran nan tout zòn nan kò m. Ou fèm drèt tankou pye bwadòm. Kèl feeling! Bondye, kèl freedom! [Refren] Lè w manyen m Lalin chanje katye, Lòlòj nou chavire, Kri nou marye. Lè w manyen m Fòs nou kraze lanfè, Malè tounen bonè, Nou pran rele Lè w manyen m Lè w manyen m Manye m toutjou tanpri doudou, M a va ba w tout sa m posede. M a ba w mizik, m a ba w lanmou, tande? Manyen m toutan, manyen m souple Manyen m toujou tanpri doudou M a va ba w tout sa m posede M a ba w mizik, m a ba w lanmou, tande? Manyen m toutan, manyen m souple [Refren] Lè w manyen m Lalin chanje katye, Lòlòj nou chavire, Kri nou marye. Lè w manyen m Fòs nou kraze lanfè, Malè tounen bonè, Nou pran rele Lè w manyen m Lè w manyen m Lè w manyen m (6x)

Traduction

Quand tu me touches, quand tu me touches, je me referme comme un parapluie. Mes yeux se ferment, tout mon corps est émerveillé, comme si je passais à une autre vie. Oh, quand tu me touches, je ne sais même plus ce que je suis : un ange ? un roi ? un petit dieu ? Je ne peux pas expliquer qui je suis. [Refrain] Quand tu me touches, la lune change de quartier, nos horloges sont chamboulées, nous crions. Quand tu me touches, notre force perce l'enfer, le malheur se transforme en bonheur, nous crions. Quand tu me touches, quand tu me touches, quand tu me touches, le soleil se lève au cœur de mon cœur, tu es d'accord avec moi, tu deviens un repose-pieds pour ma chaleur. Quand tu me touches, le feu s'empare de chaque partie de mon corps. Tu me redresses comme un bouleau. Quelle sensation ! Mon Dieu, quelle liberté ! [Refrain] Quand tu me touches, la lune change de quartier, nos horloges sont chamboulées, nous crions. Quand tu me touches, on peut traverser l'enfer, le malheur se transforme en bonheur, on crie quand tu me touches, quand tu me touches. Touche-moi toujours, s'il te plaît, chéri(e), je te donnerai tout ce que je possède. Je te donnerai de la musique, je te donnerai de l'amour, tu m'entends ? Touche-moi toujours, s'il te plaît, touche-moi. Touche-moi toujours, s'il te plaît, chéri(e), je te donnerai tout ce que je possède. Je te donnerai de la musique, je te donnerai de l'amour, tu m'entends ? Touche-moi toujours, s'il te plaît, touche-moi. [Refrain] Quand tu me touches, la lune change de quartier, nos horloges sont chamboulées, on crie. Quand tu me touches, on peut traverser l'enfer, le malheur se transforme en bonheur, on crie quand tu me touches, quand tu me touches, quand tu me touches (6x)
src: HT → to: FR
Saved

Loaded saved translation.