Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Se pa pou dat

Artist: Alan Cavé
src: ht
Back

Paroles

src: ht
Se pan pou dat Cheri Se pa pou dat, an han an han Depi mwen tou piti Se ou menm kè mwen te chwazi Ou s’on bèl melodi Ki fè m santi m nan paradi Tanpri, tanpri wete mwen nan fredi Tanpri fè m kado ‘on ti souri Se pa pou dat M ape chante pou ou Se pa pou dat M ape reve de ou Se pa pou dat M ape chante pou ou, yeah Depi mwen tou piti Se ou menm kè m te chwazi Tankou ‘on sentespri, w anvayi zantray mwen cheri Tanpri, tanpri wete mwen nan lari Oh, tanpri vin ban mwen la vi Se pa pou dat M ape chante pou ou Se pa pou dat M ape reve de ou, manmi Se pa pou dat M ape chante pou ou, yeah Jodi a mwen fin gran Poutan m damou w menm jan an M pa ka ba ou lajan Men m g’on bèl santiman Ki klere kon dyaman Men pa kite m fè sèman Ou mèt kwè m sensèman Lanmou sa a la lontan, wo wo woy Se pa pou dat M ape chante pou ou Se pa pou dat M ape reve de ou Se pa pou dat M ape chante pou ou, oh wo oh wo [Ki jan pou m mande w? M ape ret tann Ki jan pou m priye w? M ape ret tann Depi dat mwen la a M ape ret tann Vin wete m anba lapli M ape ret tann] [x2] M ape ret tann jounen… (wo oh oh) Jounen w ava ban mwen… (wo oh oh oh) Pou mwen mennen w ale 'on ti kote byen lwen (wo wo wo) Pou lanmou nou donnen (wo oh oh) Kon bèl flè nan seren (wo oh oh oh) Ki refize fèmen Ki refize fennen [Ki jan pou m mande w? M ape ret tann Ki jan pou m priye w? M ape ret tann Depi dat mwen la a M ape ret tann Vin wete m anba lapli M ape ret tann] [x2] M ape ret tann jounen… (wo oh oh) Jounen w ava ban mwen… (wo oh oh oh) Pou mwen mennen w ale 'on ti kote byen lwen (wo wo wo) Pou lanmou nou donnen (wo oh oh) Kon bèl flè nan seren (wo oh oh oh) Ki refize fèmen Ki refize fennen [Se pa pou dat M ape ret tan ou, m ape ret tan ou cheri mwen Se pa pou dat M ape ret tan ou, m ape ret tan ou doudou mwen] [x2] Se pa pou dat Se pa pou dat cheri m ape ret tan ou doudou Se pa pou dat Se pa pou dat cheri, m ape ret tan ou chak jou Se pa pou dat Se pa pou dat (2001)

Traduction

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: FR
Not saved