Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Kokorat

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2018) (Pon) Èske se ou ki sovè a? Ou ki vin wete m nan kras la? Èske se ou ki liberatè a? Pale avè m, pale avè m. Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la? Ou ki gen pwojè ki gen kòb la? Èske se ou k vin retire m nan lari a? Pale avè m, pale avè m. (1) Mwen la chak jou m ap gade Pyeton k ap pase, machin k ap pase Mwen la chak jou m ap gade Sivil k ap pase, leta k ap pase Mwen la chak jou m ap gade DG k ap pase, ONG k ap pase Mwen la chak jou m ap gade Sirèn k ap pase, leswpa k ap pase Men pèsonn pa mande m kisa m ap fè la Bonjou sa k vle koute Non pa m se kokorat Silvouplè (Pon) Èske se ou ki sovè a? Ou ki vin wete m nan kras la? Èske se ou ki liberatè a? Pale avè m, pale avè m. Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la? Ou ki gen pwojè ki gen kòb la? Èske se ou k vin retire m nan lari a? Pale avè m, pale avè m. (2) Chak jou m leve m al chache manje Nan poubèl nan peyi a, nan fatra nan peyi Si lameri t ap ranmase fatra Se mwen l t ap ranmase avan kò m dechè nan peyi a Wi mwen se kokorat la Rat ki pa gen moun k ap panse pou li a Wi mwen se kokorat la Dwadelòm ap pale de li a Men pèsonn pa mande kisa m ap fè la a Afè sosyal, reponn mwen souple (Pon) Èske se ou ki sovè a? Ou ki vin wete m nan kras la? Èske se ou ki liberatè a? Pale avè m, pale avè m. Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la? Ou ki gen pwojè ki gen kòb la? Èske se ou k vin retire m nan lari a? Pale avè m, pale avè m. (3) Twal gaz mwen nan menm m ap siye machin bòs mwen yo wi Sa k desann vit yo pou ban m senk goud, respè pou yo wè An atandan m ap li Atik 22 nan paj 13 Konstitisyon 1987 la An atandan m ap tann politisyen M ap viv nan mitan asyèt katon ak chyen Mwen pa fyè de tèt mwen Mwen pa renmen jan mwen ap viv Men yo mande m demelegèt mwen Fò m bwase moun pou m siviv Mwen reprezante yon danje pou tèt mwen ak tout peyi a Men genlè otorite yo pa wè sa Yo kontate ban m 1000 goud pou m bloke lari Men pi devan se yo m pral bloke si yo wè sa Èske yon jou lavi m gen pou chanje? Èske yon jou m ap viv ak diyite? Èske pitit mwen se la l pral leve? Èske, èske? [Pon] Èske se ou ki sovè a? Ou ki vin wete m nan kras la? Èske se ou ki liberatè a? Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la? Èske se ou k vin retire m nan lari a? (Fen) Dwadelòm se konsa l rele Lamayòt pou timoun fwonte Pale avè m, Pale avè m.

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved