Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Byen Domaj

src: ht
Back

Letra

src: ht
(Produced By-J Beatz) Huh Oh nanana Lè m gade kijan nou ye, jan nou ere lè nou a de. Lè m sonje moman n pase strès ki vole lè nou kontre. Sa fè m remèsye Bondye, m santi priyè m ekzose. Nan kè m s'on rivyè jwa k koule paske m jwenn yon bebe. Dat sa cheri kote w te ye S'on fanm tankou w mwen t ap chache. Malgre tout sa m t ape danje... Byen domaj baby (Refren) - Byen domaj ou marye. Pa ka viv menm kote. - Byen domaj ou marye. E m pa vle fwaye w kraze. - Byen domaj ou marye. Pa ka viv nèt ale - Byen domaj ou marye. Ou s'on paradi k ban m yon goute. (Top Adlerman) Lanmou an mwen, ti kè an mwen, doudou an mwen kòd lonbrit mwen. Ou redui chagren m, Montre m renmen ou fè m vin byen. Men m wè se pa pou lontan kè mwen ap toujou kontan. Dwèt ou gen 'on twou won san fon. Mwen deja fè bafon e m pa wè ki fason ke nou ka viv pou lontan (Refren) - Byen domaj ou marye. Pa ka viv menm kote. - Byen domaj ou marye. E m pa vle fwaye w kraze. - Byen domaj ou marye. Pa ka viv nèt ale - Byen domaj ou marye. Ou s'on paradi k ban m yon goute. Nou renmen. S'on renmen changren. Podyab nou, Nou damou fou. Oh oh J Beatz Ou wè vil. Oh oh oh - Watcha kraze m. My darling my heart is crying Oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing Cheri m santi ti kè w frajil ou anvi pleurer Tèlman fwaye w ap maltrete w ou oblije komèt yon peche. Sa fè m mal anpil lè m wè se avè m w ap pataje l. Tanpri Bondye, w a padone l men lanmou an pi gran pase l. Lèswa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman m ap reflechi. Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby. Menm nan telefòn lè n ape pale, Tout tan fò w kouri rakroche. Oblije eh eh, oblije doudou Oh oh oh - Watcha kraze m. My darling my heart is crying Oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing Lè swa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman map reflechi Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby Menm nan telefòn lè n ape pale tout tan fò w kouri rakroche Oblije eh eh, oblije doudou Lanmou sa vin pou toumante m lanmou sa Lanmou sa vin pou panike m lanmou sa Lanmou sa vin pou deranje m lanmou sa Lanmou sa vin demantibile m lanmou sa (Refren) - Byen domaj ou marye. Pa ka viv menm kote. - Byen domaj ou marye. E m pa vle fwaye w kraze. - Byen domaj ou marye. Pa ka viv nèt ale - Byen domaj ou marye. Ou s'on paradi k ban m yon goute.

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved