Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Rap prezidan

Back

Lyrics

src: ht
(Entwo) Ou Pa Bezwen gon kaye 36 Paj. Ni ou pa bezwen g'on pil laj. Pou konprann istwa Dayiti a Doc Filah, Bic ap Prezante w: RAP PREZIDANS. (1) Touye DESSALINES pou dan ri nome HENRY CHRISTOPHE apre yo bal dan di, Dal bandi enpoze rezon Fleri san poze kesyon enpoze PETION koule beton pou monte 2 blok kip at ka kanpe nenpot JEAN san PIERRE devan BOYER aksepte peye rekonpanse yon metropole paske l te byen pwayen bwayen’ Bwaye lakoz nou noye’n nan rivye Era (RIVIERE HERARD) nou pran nan plizye mera Akao pat kwe nan sa pike yo pat kontan sa, kako yo pat konprann sa/. Yo konsyan yo se pitit Gerye nome PHILLIPE GUERRIER, mort au pouvoir soti la tete haute pandan peyi a vire tet anba sa vye di avec les Pye wo (PIERROT). RICHE Iletre pwogesis, pou SOULOUQUE se lwa yo ki konte, sete tout festin sou FAUSTIN 1er (Pon) Yo di Istwa Dayiti a tòdye. Men se li nou tout etidye. Siw presidan jodia wap nan istwa demen. Fe saw konnen pouw pa pase pou lafimen. Istwa Dayiti a mal rakonte. Sou ki istoryen pou nou konte. Pase toujou kite tras avni pa bay gras. (2) Jefra (GEFFRARD) koule, RICHE ekzile , Sena nome SAJET, Saj neg, sede sa place pou SALNAVE, 3 blok pran nesans sou efevesans, lanmo MONTASSE te enkandesans te plen konsekans grav, SAJET nan no, DOMINGUE nan Sud, te gen CANAL pou san koule/. LYSIUS SALOMON peye Lendepandans avan yon gouvenman LEGITIME antouraj pale toujou chaje ipokrit yo nome HYPPOLITE te gen lape se vre ki pat anpeche’n konnen de si gran pan pat gen kontrisksyon sat gen siman sab sete menm istwa menm tablo ak TIRÉSIAS SIMON SAM NORD ALEXIS, ANTOINE SIMON, CINCINNATUS LECONTE GRIYE, TANCRÈDE AUGUSTE, MICHEL ORESTE, ORESTE ZAMOR, DAVILMA THEODORE, VILBRUN GUILLAUME SAM, 6 prezidan nan 3 an avan Okipasyon Yanki Tonton Sam. (1915) (Pon) Yo di Istwa Dayiti a tòdye. Men se li nou tout etidye. Siw presidan jodia wap nan istwa demen. Fe saw konnen pouw pa pase pou lafimen. Istwa Dayiti a mal rakonte. Sou ki istoryen pou nou konte. Pase toujou kite tras avni pa bay gras. (3) DARTIGUENAVE premye tchoul blan, LOUIS BRONO pote lopital lekol medecine EUGENE ROY monte presidan par imterim sou STENIO VINCENT Dominiken masakre travaye Ayisyen anviron 15 mil ELIE LESCOT pran kou deta, ESTIME demisyone sou presyon lame apre Maglwa (MAGLOIRE) 3 chef deta, NEMOURS tire selman 5 mwa 40 jou nan men ane (FIGNOLE) Papa Doc baby Doc Dicta, Pe fis pran fin le 7 Fevriye 1986, MANIGAT pa t jwen Gras NAMPHY, PROSPERT AVRIL non plis pa t jwen gras NAMPHY, ERTHA PASCAL TROUILLOT se premye fanm ki presidan rezilte anba kou deta LAFONTANT fe pasasyon pouvwa demokratik bay ARISTIDE, kou deta defacto CEDRAS, NERRETTE, ARISTIDE tounen fe ti pas kout bay PREVAL, a moi a toi une deux classique nan style toke, BONIFACE Bo Gason, PREVAL fe Eleksyon nan anbyans ki pa sweet, MICHEL MARTELLY alyas Micky pase de presidan konpa a Prezidan peyi. (Fen) Istwa se yon pèpetyèl rekòmansman, kon di Pè Toma N AP SIB, a Suiv Doc Filah BIC, Tizon Dife Recordz

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved