Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Gade lè w

Back

Lyrics

src: ht
Gade lè w Ou fè tankou ou pa wè Gade lè w Ou fè tankou ou pa konprann fanm. Ou fè tankou ou pa konprann fanm. (1) Ou pa konprann fanm kap vann mabi Fanm kap vann ze bouyi Ou pa konprann Ou di se fanm tèt mare Fanm malerèz, fanm defavorize Poutan se fanm kap chèche lavi Solèy la pli pa di anyen San yo , pap gen kafe le maten San yo pap gen spageti ni aleken Nan swè fanm sa yo koule agronóm ak medsen Nan bak fanm sa yo fri avoka politisyen (Refren) Gade lè w Ou fè tankou ou pa wè Gade lè w Ou fè tankou ou pa konprann fanm. Ou fè tankou ou pa konprann fanm. (2) Ou pa konprann fanm ki lekol CDI Fanm ki lekol BIWI Ou pa konprann Ou di se fanm tulututu Fanm kap pale pwentu Ka p di bonsoir, comment vas-tu ? Toi-même même Ça fait longtemps que je ne t’ai pas vu Poutan se fanm ki kwè nan konesans San yo dwa fanm pap respekte San yo batay la pap ka kontinye Yo se fanm ki konprann ke yo ak gason egal ego Yo pa aksepte anba pye pou foule dwa yo Toujou prèt pou rele DANIELLE ST LOT, OU MAN LOLO (3) Alors dis-moi, Quand ça va se terminer toutes ces discriminations, Marginalisation, exclusion à l’encontre des femmes Alors dis-moi Quand est ce que vous allez enfin comprendre que la vie est comme une chanson Et ce sont les femmes qui donnent le son, le ton, le flow

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved