Lyrics
src: ht
Men, tanbou, si w tande ransanble yo, souple.
Gen lontan n separe, tanpri fè n jwenn rasin, oh.
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men, tanbou, si w tande ransanble yo, souple.
Gen lontan n separe, tanpri fe n jwenn rasin, oh.
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men tanbou, si w tande ransanble yo, souple.
Gen lontan n separe, tanpri fè n jwenn rasin, oh.
Mmm, mmm, mmm, mmm
Wo yo yo, yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo oooy
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Sa fè lontan depi yo separe nou.
Depi lè nou te kite tè Lafrik, oh.
Lè kolon pran nou, mare tankou bèt.
Pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble.
Pou yo te fè nou kwè ke nou san valè.
Se pa vre nan Ginen nèg te trayi nèg.
Se pawòl pou yo fè nou ret divize,
Pou pa janm gen renmen pou pa gen linyon.
Sa fè lontan depi yo separe nou
Divize nou pou yo ka toujou rénye.
(Refren)
Jodi a nou konprann e nou jire.
Jodia nou konprann e nou jire.
Si nou la, se ke nou sanble.
Si nou sanble, se ke n ka renmen.
Nan renmen n a va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè.
Linyon va di sa nou ye sou latè.
Linyon va di sa nou ye.
[Moun nan peyi a, valè yo,
Bote yo, lasyans, zèv atistik yo,
Eritaj kiltirèl yo nan sivilizasyon yo,
Se sa ki yon nasyon,
lanmou, linyon ki makònen lavi nan sosyete nou,
Sekirite ak lajistis ak respè dwa lavi: timoun yo, granmou yo...
Se sa ki fè yon nasyon, yon nasyon, yon nasyon.]
Tout gason tout fanm peyi Dayiti.
Fòk nou kanpe, kale je nou gade solèy.
Tout granmoun ak jenn moun nan peyi a.
Fòk nou kanpe pou n reklame tout dwa nou.
Jire pou nou toujou kale je nou nan je tout moun.
Jire pou nou toujou renmen, pou n toujou gen linyon.
(Refren)
Jodi a nou konprann e nou jire.
Jodia nou konprann e nou jire.
Si nou la, se ke nou sanble.
Si nou sanble, se ke n ka renmen.
Nan renmen n a va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè.
Linyon va di sa nou ye sou latè.
Linyon va di sa nou ye.
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e