Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Abandone

Artist: King Posse
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
Yon samdi aprè midi lapli t ape tonbe Mwen soti lavil. M ape monte Petyonvil, Pase mon Èkil Dou, se la m ka trankil. Sonje yon bon jou menaj mwen vin wè m, M te lakay an mwen. L anbrase m, epi n chita. N te tonbe pale. Apre bon dyalog fin tonbe, L te pran manyen mwen. Mete m sou sa, nou tou le de te tonbe karese. Doudou annou chita pale, Pou mwen ka di w sa ke m panse, Pawòl ki dous, pawòl ki vre, Pou mwen se sèl ou k ekziste. Kwè m si w vle, ou s'on bebe. E plis doudou, ou s'on bote. Devan Bondye se ou mwen vle. ... Fè sa ou vle! Imajine ke m te trè aswafe d amou. Nou te nan pozisyon pou n viv tankou de moun fou. Ki pa manje depi twa jou, k vin jwenn yon biftèk. M pa bezwen di w se devore, dechire ak kout bèk. Deja konnen fò m pran plis prekosyon. Maladi yon bebe, tanpri fè atansyon. Manmzèl leve l, boude l, fache, L vire dol ale. Menm yon bizou pa tonbe. Alò m abandone. Abandone, oblije abandone. Abandone, oblije abandone. Lala la le le la li a la le le la Yala la le le la li ya la le le la ya.

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved