Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Pòtoprens

Back

Lyrics

src: ht
(2010) Si ou pa prese Ann fè yon ti koze M chita m ap gade w Sanble se tout bon bwa a mare Pòtoprens, kouman sa ye? Ban m nouvèl Gran Ri. Boulva Jan Jak Desalin Kòman wè bòdmè Pale m de lasalin Pòtoprens adje Bondye Eske jou koulye Ti nèg ap pise sou pye madan kolo? Eske jou koulye Si’l fè yon ti farinay nou nan dlo? Eske jou koulye Timoun ap snife siman nan bokal? Si se konsa nou poko nòmal Pòtoprens kapital Pòtoprens tèt fè mal Pòtoprens chabon dife Pòtoprens Kosovo Pòtoprens mafyozo Pòtoprens pil fatra Pòtoprens an reta Pòtoprens agonize Pòtoprens deplimen Pòtoprens anvlimen Yo di m gen pwoblèm Twòp timoun ak alimèt M oblije mande Eske vil sa pa gen grandèt? Pòtoprens fòk nou pale Yo di m gen yon fanfa Vyolans sèl maestro Fizi ap chante Refren dolby stereo Pòtoprens adye Bondye Èske jou koulye Ti fifi ap kouche pou plat manje? Eske jou koulye Jenès la se yon fizi chaje? Eske jou koulye Frè avèk sè ap kwaze lepe? Si se konsa nou bezwen chanje Pòtoprens kapital Pòtoprens tèt fè mal Pòtoprens chabon dife Pòtoprens Kosovo Pòtoprens mafyozo Pòtoprens pil fatra Pòtoprens an reta Pòtoprens agonize Pòtoprens deplimen Pòtoprens anvlimen Ou chita men nan machwè W ap tchuipe lavi Depi sou prezidan bann machwè. Tout rèv ou yo rabi. Kiyès ki ta va di? Pòtoprens ta va sa li ye jodi. M tande rè l ou. M pran sant ou. Kouraj, m ap priye pou ou. Pòtoprens kapital Pòtoprens tèt fè mal Pòtoprens chabon dife Pòtoprens Kosovo Pòtoprens mafyozo Pòtoprens pil fatra Pòtoprens an reta Pòtoprens agonize Pòtoprens deplimen Pòtoprens anvlimen Pòtoprens kapital Pòtoprens tèt fè mal Pòtoprens chabon dife Pòtoprens Kosovo Pòtoprens mafyozo Pòtoprens pil fatra Pòtoprens an reta Pòtoprens agonize Pòtoprens deplimen Pòtoprens anvlimen

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved