Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Pote kòd

Artist: BIC
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
(Produced By Dr Tchan - 2017) (Pon) Pote kòd, pote kòd Pote kòd, pote kòd Pa neglije pote Kòd pap janm ase pou nèg isi (1) Mwen pa gen dwa antre nan chanm Se sa k fè se nan tou pòt la m founi grenn je m m ap gade yo Mwen gen pitit, mwen gen madanm Yo pwomèt yo pral vote lwa pou mwen pou m ka pran swen yo Avan lwa yo tanmen vote, lwamondong debake l dechire papye (Pon) Pote kòd, pote kòd Pote kòd, pote kòd Pa neglije pote Kòd pap janm ase pou nèg isi (2) Nan zafè lalwa, chak Ayisyen gen lalwa bouch yo Nan lwa sou lamanjay, yo ba nou fouchèt e yo gen louch yo Si pèp la vote nou pou vote lwa pou li Grenn vòt li ya pa dwe tounen yon fwèt pou li Manman nou pa konn li, li voye n devan N ap vote lwa k pou mete l de pye devan (Pon) Pote kòd, pote kòd Pote kòd, pote kòd Pa neglije pote Kòd pap janm ase pou nèg isi Madanm ala peyi gen lwa papa, o! Epi tou, ala papa gen chwal, tonnè! Lwa Legesou pa bwè tafya Li bwè san e l manje vè Lwa Mandong chire papye Men Lwa Lachanm, se chire l ap chire nap malere K ap jofre nan tou pòt (Pon) Pote kòd, pote kòd Pote kòd, pote kòd Pa neglije pote Kòd pap janm ase pou nèg isi Bare vòlò, Mare vòlò. Pote... Bare, bare vòlò.

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved