Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Mwen renmen w

src: ht
Back

Lyrics

src: ht
(Featuring Leila Chicot) (Top Adlerman) Yon eksperyans ke mwen te fè Apre 2, 3 jou mwen pa wè ou Lè sa lavi a te anmè Pa t ka pase 'on moman san ou Pa t ka kanpe, pa t ka mache Ti doudou lè mwen pa wè ou Lè sa mwen vin reyalize Mon amour jan m renmen w (Refren) Malgre tout sa k pase - Mwen renmen ou Malgre tout sa k rive e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa w tande e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa k pale - Mwen renmen ou Hey! Depi lè m te wè w premye fwa Mwen te santi nan vi m fò ou la E ou ka gade jodi a Se menm amou an ki toujou la Gen moun ki pa t vle ou kwè nan sa Pou m pa fredone Laile, Leila Men depi mwen gade nan zye w Mwen ka wè: Ou gen tout sa m bezwen Santiman, afeksyon, devouman. Tout sa m renmen: Kalite, bonte, gete. Fanm, fanm, fanm sa Sot' nan tèt al nan pye, baby You drive me crazy Malgre, malgre, malgre Malgre tout dlo nan zye - Mwen renmen ou. Malgre tout kè blese - Mwen renmen'w Malgre tout jan vi a ye - Mwen renmen w Malgre jan w refize m - Mwen renmen ou Tada tada tada Lè m touche men w Mwen santi m byen Kote m pale limyè briye Zorèy tande kè m bat pi byen Mwen di w doudou ave w mwen double Ou se solèy, ou se lalin. Ou se maten, aprè midi m. Ou se souf mwen, ou se vi mwen. Lè mwen pa wè w mwen pa viv byen Lè w ap gade m w ap wè se mwen Men gad andanm w ap wè se ou Ou se prezan, ou se fiti m Ou se desten, ou se aveni m. Oh baby (Refren) Malgre tout sa k pase - Mwen renmen ou Malgre tout sa k rive e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa w tande e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa k pale - Mwen renmen ou (Top Adlerman) Mete 14 jou nan yon semèn Ou met double 30 jou nan yon mwa 730 jou nan yon ane Lanmou ke m gen pou ou Ap toujou kole nèt ale Ou dous, e mwen menm tou Lè n ap fè lanmou nou monte wotè 'on grandou Mwen se nèg pa w, ou se fanm pa m Mari pa w, madanm pa m Lanmou pa w, lanmou pa m pa gen dram Se vre se yon reyalite. Men lè nou fache nou toujou rekonsilye Love you, je t'aime. cheri, Ich liebe dich, Malgre tout sa k pase, te quiero in Spanish (Refren) Malgre tout sa k pase - Mwen renmen ou Malgre tout sa k rive e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa w tande e eh - Mwen renmen ou Malgre tout sa k pale - Mwen renmen ou

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved