Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Deyò a

Back

Lyrics

src: ht
(Deyò a - 2016) [Entwo] Yeah 1 Deyò a chaje zenglen moso boutèy, bwat Juna, papye Chico, reyon bekan, grès machin Deyò a pa bèl Deyò a se fatra k ap boule, klaksòn bogota, Chandesperans kont Beretta Deyò a pa bèl Fil wotansyon prèske bobo ak fèy tòl, n ap bay lavi bwa mitan l ap ba nou fil mòl Deyò a pòtre yon tonbo blanchi, chak Ayisyen se yon kòk mò k ap koutize lavi Aleken sou pil fatra, ti bebe nan tou rego, machann pran plas machin Deyò a pa bèl Medikaman nan lari, kopi cd nan laye, dwadotè se bèl franse Deyò a pa bèl [Refren] Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou Nou vle peyi a frèt men tanzantan n met dife tou An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou 2 Deyò a Jenès nou an pa gen fòmasyon - Deyò a Lekòl nou yo pa gen direksyon - Deyò a Chak grenn Ayisyen k ka ekri non yo oblije pati pou fè blanmannan chanje non yo - Deyò a Pa gen fyète ankò - Deyò a Nou tounen tèt san kò - Deyò a Dlo pa monte mòn, men tout mòn yo degrenngole y al nan dlo - Deyò a Ti blòdè deside bon sou ou- Deyò a Raketè chaje pawòl pou ou - Deyò a Lè w bay lamen sonje konte dwèt ou, nan chante gratis atis ou ka pèdi lalwèt ou - Deyò a Gouvènman ak opozysyon sou de ran - Deyò a Pandan timoun ap mande pou ka pran swen paran - Deyò a Labib di nou Moyiz te echwe men jodi a nou gen Ayisyen ki abite Kanaan - Deyò a Tout moun ap bwase tout moun sou mato - Deyò a Tout moun ap chache yon moso gato - Deyò a Deyò a se pye sou kou grenn kraze, deyò a se rati braze - Deyò a Anba poto limyè gen elèv - Deyò a Anba poto limyè gen brasèz - Deyò a Deyò a se pi gwo pi gra - Deyò a Menm jou dimanch se madigra [Refren] Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou Nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou 3 Deyò a Se dilatasyon se dilatwa deyò a Se chimen ki mennen labatwa – deyò a Se kòdonye k ap repare machin – deyò a Se mekanisyen k ap fè bèf chenn – deyò a Se rasta k ap danse tèt kale – deyò a Se tèt kale k ap met perik rasta – deyò a Se polisye ki pa kontan – deyò a Se bandi k ap fè la pluie et le beau temps Se pwofesè k ap mande meyè tretman, malad lopital yo kap mande medikaman Se kokorat k ap mande pou entegre Se pastè legliz k ap montre nivo degre – deyò a Se Ayisyen k ap pran refi – deyò a Se jèn gason k ap tounen fi – deyò a Se Dominiken k ap vann nou ze – deyò a Se Perle des Antilles k ap betize – deyò a Ou menm ki di deyò a pa gen anyen, di m sa w wè [Fen] Deyò a Deyò a Deyò a Deyò a Deyò a

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved