Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Lyrics

src: ht
Alèkile 2014 [Refren] Alèkile ti gason pa woule sèk ankò Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò 1 Alèkile moun an pwovens pi pè vòlè ke bann chanpwèl Gen mwens bis Obama k ap sikile ke rache pwèl Pa gen Konatra ankò, bagay sa a pèsonn pa kwè l Taksi moto bwote pasaje tankou moso twèl Nou pa sezi pou selilè ankò, men Teleco pa sou Gran Ri ankò Nan chache pou n sanble ak moun, m pa konn kisa n sanble Genlè n panse nou ka fè farin san ble [Refren] Alèkile ti gason pa woule sèk ankò Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò 2 Alèkile nou pa jwe foutbòl ak boul chosèt ankò (non) Alèkile jenn yo pa fè lanmou an kachèt ankò (non) Alèkile pa gen teke mab, pench ak oslè ankò (non) Alèkile lougawou pa fè aktyalite ankò Wete trip, nou mete pay, nou pi mal Nou mete bak epi vitès maksimal Mande mande sa k ap pase men pèsòn pa fouti di yon mo Se pa manti nou vin pi mal N te konn manje zaboka ak wayal, alèkile se lèt ak sereyal Alèkile [kile], sa k ap pase [pase], BIC Tizon dife di l pa ka pale [pale] [Refren] Alèkile ti gason pa woule sèk ankò Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò 3 Jenerasyon granpapa m te kwè nan boule maji Jenerasyon kounye a lage nan majigridji Goch antre nan dwat, nou dwat e goch: demagoji San koule anven pou lapatri: emoraji Pa gen jenerasyon spontane Fòk granmoun ak jèn soude (Way) Bon modèl yo pou nou enkane Bon granmoun yo pou nou kopye [Refren] Alèkile ti gason pa woule sèk ankò Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò Alèkile ti gason pa woule sèk ankò Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved