Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Franchi etap la (janbe al Masedwàn)

Artist: JW Kreyòl
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
[JW Tele - me 2016] Siman w ap mande tèt ou, 'Èske m ta dwe fè l?' Priye, medite chak jou, 'Jewova, ki sa pou m fè?' Donk, ann fè yon ti chita Pou nou ede w deside. Paske si w franchi etap la, W ap kontan w te eseye! Se pou w franchi etap la Kite enkyetid dèyè. Paske lè w franchi etap la, Ou pa ka pa jwenn byenfè. (Oh) Franchi etap la. Franchi etap la, janbe al Masedwàn! Travay predikasyon an bay lajwa, Rezilta w ap jwenn se mèvèy. E w ap vrèman apresye sa Etranje k ap ba w bèl akèy. W ap vin pi pwòch Jewova Chak jou ki pase. Paske l ap toujou la Pou l ede w nan chak etap ou rive. Se pou w franchi etap la Kite enkyetid dèyè. Paske lè w franchi etap la, W ap jwenn trezò w pa ta kwè. Petèt w ap reflechi sou sa W ap mande w si se bon wout la. Se pou w franchi etap la. Ou pa ka pa jwenn byenfè. Franchi etap la Franchi etap la Franchi etap la, janbe al Masedwàn!

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved