Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Je t'aimerai toujours

Artist: Alan Cavé
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
Il semble qu'il y a un auditeur sur la ligne qui veut faire passer un message. Alo? — Wi, m vle f'on ti pale a menaj mwen, eh, paske m gen ti pwoblèm: Alo Cheri mizik sa a m vle dedye l a ou menm, eh, paske w konnen... ou di m w ap ban m kè w a mwatye. Men cheri pase m pa gen tout kè w m pi pito m pa avè w. Pito w ale. Pito w ale. Pa twò lontan de sa ou t ap di mwen Jan w rinmin mwen. Jan w rinmin mwen. Jodi a w ap vin ban m 'on lòt istwa Kòm ke w vle di m konsa fò n ralanti sou sa Santiman ou mele Ou poko konn sa w vle Ou poko deside w Lè w pare w a di mwen tande Paske se tout mwen vle M pa vle anyen a mwatye (Refren) Je t'aimerai toujours même dans ton absence Je t'aimerai toujours même dans la soufrance Vas-y prend ton temps T'inquiète pas je t'attends M prefere pèdi ou Ke m gen moso nan ou Pa twò lontan de sa ou te fè m kwè M avè w n tap jwenn bonè M avè w n tap jwenn bonè Jodi a w leve ou vole gagè Reyalite sa an mwen S'on kout epe nan kè M ap kenbe pou mwen pa lage Anndan m ap dechire Mwen santi m boulvèse Lè w pare w a di mwen tande Paske se tout mwen vle M pa vle anyen a mwatye (Refren) Je t'aimerai toujours même dans ton absence Je t'aimerai toujours même dans la soufrance Vas-y prend ton temps T'inquiète pas je t'attends M prefere pèdi ou Ke m gen moso nan ou Mwen vle, mwen vle Ke w jwenn lajwa menm si m pa la M vle pou w pa konn sa k move tan ak move moman Même si, même si le bonheur ne te sourit pas Reviens, reviens vers moi je serai près à t'ouvrir mes bras Menm si m santi kè m ap rache Cheri m pa ka fòse w rete Si w jwenn kote dlo a pi fre Pito w ale Menm si m konnen mwen pral kriye Cheri m pa ka fòse w rete Si w jwenn kote dlo a pi fre Pito w ale Oh yeah pito w ale (pito w ale) Oh non m pap ka kenbe (pito w ale) Pito w ale (pito w ale) M pap ka kenbe, pito w ale (pito w ale) Pito w ale, m pap ka kenbe (pito w ale) M vle w tout antye, m pap ka pran w a mwatye (Pito w ale) Pito w ale, Pito w ale, tande? M bouke mande m si w se pa ou toutbonvre (Pito w ale) Pito w ale, Pito w ale, tande? Ou fè m boulvèse, m pap ka kenbe (Pito w ale) Mwen pap jan vle, m pap janm vle w a mwatye (Pito w ale)...

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved