Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Ti bato

Album: Ti Bato
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
Yon maten mwen leve Papa m rele m li di mwen Nan tout sa w ap fè W ap jwenn anpil difikilte Si w tonbe, pa ret atè, leve Rèv ou se sèl destinasyon Lavi a se yon bato N abò l sou yon lanmè move Vag ak tanpèt se difikilte n ap rankontre Tanpri kaptèn, kenbe zaviwon w vye frè Rèv mwen se sèl destinasyon Kenbe bon, kaptèn Asire w, mwen pa konn naje non Van ape soufle Nou tout nan kannòt la Bondye voye je sou nou Pou bato a pa koule Lanmè move, van vante, loray gwonde Kaptèn, m pa konn naje Tanpri, mennen m ale Kapitèn bato, pa panike oh Mennen m ale, m bezwen rive (2x) Van vante, loraj gwonde, lapli tonbe Kaptèn, kenbe zaviwon w Hey, hey! m pa konn naje non mwen menm Van vante, loraj gwonde, lapli tonbe Bondye voye je sou nou (ooh oh, eh eh eh) Kapitèn bato, pa panike oh Mennen m ale, m bezwen rive (Atansyon !) Kapitèn bato, pa panike oh (Mennen m ale anbyen) Mennen m ale, m bezwen rive Oh, ooho, ah Ooh, ooho oh Gade n rive Rive nou rive (2x) Mennen m ale, kaptèn Mennen m ale pi lwen Se sou tè fèm mwen santi m byen Lè m sou dlo m gen tèt vire Mennen m ale, kaptèn Mennen m ale, ale, ale byen lwen Bòs papa, rèv mwen se destinasyon Mennen m ale Move tan pase, l ale Gade nou toujou la N janbe dlo, janbe dlo (2x) Oh oh, Sa fè lontan m sou dlo Pa wè anwo, m pa wè anba Bòs papa, mennen m ale eh eh Lapli ap tonbe, van vante, loraj gwonde N ap balanse Men pi devan mwen wè 'on limyè, Wippip ! Nou delivre Move tan pase, l ale Gade nou toujou la N janbe dlo, janbe dlo (2x) Nou janbe dlo, n ale Nou travèse gwo lanmè Nou jwenn anpil difikilte Men alafen n rive (Tanpri kaptèn) Move tan pase, l ale (Mennen m ale, anbyen) Gade nou toujou la N janbe dlo, janbe dlo (Mwen wè 'on limyè devan) Move tan pase, l ale (Make sure nou rive) Gade nou toujou la N janbe dlo, janbe dlo Mennen m ale, mennen m ale (Ooh, ooho oh, ah) Rèv mwen se destinasyon (Ooh, ooho oh) M bezwen rive (Ooh, ooho oh, ah) (Ooh, ooho oh) Ooh, Mennen m ale, mennen m ale (Ooh, ooho oh, ah) Menmsi m jwen difilkilte (Ooh, ooho oh) Se devan n rive (Ooh, ooho oh, ah) Se la a nou prale

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved