Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bon kont yo pa toujou an chif won.
Li pi bon pou pèdi po a pase pou pèdi ti bèf la.
Se kabann nan ki konnen do fanm nan.
Lè yon moun ap fè yon bagay fòk ou pran tan pou sa sitou le bagay la pi difisil.
Gen kèk kote ou rantre ki egzije kout ke kout kèk malè oubyen kèk bagay mal ka rive.
Sa foumi an jwenn, se li bay bèlmè li.
Fè bri se pa prese..
Bagay bon mache yo chè. "Ou jwenn sa ou peye pou." Bon mache yo chè.
Voye yon lòt moun nan yon komisyon repoze pye ou, men se pa kè ou.