Jou a ale, jou a vini. "Ou pral jwenn tou pa ou."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen twa kalite moun nan mache samdi a: moun k ap vann, moun k ap achte, ak moun k ap vòlè. Diferan moun vin nan mache a pou diferan rezon.
Yon moun ki pa panse a demen ki prèt pou plen djakout li epi ki panse l pa janm bezwen moun ankò.
Yon moun ki gen yon administrasyon enpòtan ou osinon ki gen pitit pa dwe fè move bagay.
Di chaplè a pa nesesèman vle di ou se yon moun ki devwe.
Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. <br />Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. <br /><i>varyasyon</i>: Chak koukouy klere pou je l.
Yon moun ki pa gen ase e ki ap envite lòt moun nan ti kras li genyen an.
Rivyè yo anonse a pa menm touye yon moun andikape. Lè yo avèti yon moun ke rivyè a ap debòde, menm yon moun ki enfim p ap mouri.
Menm HASCO pran yon poz pafwa.