Ou pa ka mete yon Ayisyen atè.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa abandone fanmi ak zanmi pou moun ou pa konnen.
Gwo mal mande gwo remèd. Pwoblèm grav mande solisyon enpòtan.
Yon po fann dire lontan.
Se nan goute, ou konnen gou ki dire lontan an. Se nan goute, ou konnen vrè gou a. Se nan goute, ou konnen sa goute vle di. Se lè w goute ou konnen ki gou yon bagay genyen. Se lè w goute ou vin gen konesans. Pratik fè pafè.
Gen jou kote yon bourik kouri pi vit pase yon chwal. Evènman inatandi ka rive.
pataje.
Malerez la pa janm gen rezon/pa janm gen rezon devan gran nèg la. "Pòv la pa gen dwa devan gran nèg la."
Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.
Yon moun ki fem sou desizyon kel pran e ki pésiste pou l akonplil.
Pi bon bagay la dwe rezève bay mèt kay la osinon pi bon ou pi gwo kote se pou li.
Lè gran nèg fin banbile e ke yon ti malere kwè l ap pran la relèv.