Lè gen posibilite pou fè yon moun travay epi w kontinye fè l travay toujou tout o tan li kapab.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa ki atè a se pou chen an.
Lè w ap tann soupe lakay yon zanmi, ou pral kouche ta.
Rete twò lontan nan mache a fè ou fè/fè ou antre nan dèt. Plis tantasyon, plis dèt.
De moun konsène nan yon bagay lè yo rankontre yo mete fen ak diskisyon.
Yon moun k ap pran poz inosan ki pa konprann yon bagay petèt nivol poko pemèt li yo di l sa pou montre l gen espwa pou l konnprann.
Yon ti kras nan Bondye, yon ti kras nan lespri yo. “Jwenn èd ni nan men Bondye ni nan men lespri yo.”
Yon moun ki montre li pare pou nenpòt bagay ki ta ka vini devan l…li bay yon avètisman.
Moun pa tout menm. Rekonèt divèsite nan nati imen an
Pou yon pòv, yon ze vo yon bèf.