Pa kite yon moun ki grangou divize manje a.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè materyo w fini pandan w ap fè yon travay gen posibilite pou travay sa kanpe.
Lajan pa anpile nan pòch pòv la. "Lajan p ap rete twò lontan nan pòch yon pòv ."
Lè w gen pitit fi ou pa konn kilès ki ka vin antre nan ras ou.
Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Sa ou simen, se sa ou va rekòlte. Ou rekòlte jan ou simen an.
Mesye a ap benyen chen. "Li nan yon eta vrèman move, l ap viv."
Yon bagay moun ap fè men ki difisil pou l fè.
Yon moun ki poko jwenn yon bagay epi li kòmanse fè pwojè sou do bagay la li poko jwenn lan.
Koripsyon kòmanse anlè.