Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout zam ki tire dwat.
Se sourit la ki montre/mennen chemen an nan twou li.
Lè yon nèg gentan manje li toujou wè manje pa gou.
Yon konplo pi fò pase fetich yon majisyen. "Ou ta pi byen pè yon konplo pase fetich yon majisyen." Konplo/aksyon konsèté pi efikas/plis moun pè pase maji.
Se apre batay la, ou konte blese yo. Lè tout bagay fini, ou ka tire kèk konklizyon.