Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lajan fè yon nèg monte/grenpe sou yon poto drapo grese . "Lajan ka fè yon nonm fè sa li pa t ap ka fè òdinèman."
Moun ki mandyan pa ka chwazi.
Aksepte yon fanm fasil, se sipòte l ki pa fasil.
Li pran lajan pou fè lajan.
mak = sikatris. Pa fè yon bagay ki mal de fwa sou menm moun nan.
Lè yon moun ap fè frekan li ka fè w kèk bagay ki mal osinon li pansew pap janm anyen se lè sa w di pawòl sa.
Yon moun ki gen moun pa l osinon fanmil li toujou fè jalouzi pou li.
Sòt tankou yon nonm sòt, li konnen kilè l grangou. "Menm si yon nonm bèbè, li konnen kilè l grangou."
Lè yon moun konn abitye fè kèk bagay ki bon se pa lè l ap fè bagay ki pa bon pou nou ap kritikel.
Lè yon moun kwè nan pasyans ki kapab fè l reyalize pwojèl yo.
Se moun ki viv yon bagayla se li k ap esplikew sa bagay gen ladann.