Yon moun ki fenyan gen bagay ou pa antre ladann.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.
Yon moun ki gen ti fizik oubyen ki parèt yon jan piti epi ki ka fè gwo bagay.
Twòp konfyans ka fè moun ki konnen pi mal. Lafwa pi bon pase konesans.
Pa gen yon moun ki ta vle reyisi pou l pa jwenn difikite sou wout la.
Lè ou oblije tann soupe ta lakay yon zanmi, ou al dòmi ta.
Se pa tout swen ki mache byen.
Li pi bon/preferab pou kwa a al lakay zanmi w; pou l pa al lakay ou. Li pi bon pou l rive yon lòt moun pase pou l rive w.
Move zèb ou pa vle nan jaden ou an, se li k ap pouse lakay ou.