Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Pye kanson l ki piti, men se granmoun ki non l

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4352 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Fòk ou pote kanson w nan tay ou

Yon moun ki fem sou desizyon kel pran e ki pésiste pou l akonplil.

Zafè nèg pa janm piti. Se janm kanson l ki piti

Biznis yon nèg pa janm twò piti. Se janm pantalon l ki piti/sere. Hall 1953 ekri Afè nèg pa piti , se janm kanson ki jis .

Kanson kreve pa di razè pou sa

Pantalon fann pa nesesèman vle di ou gen pantalon ki fennen. Aparans ka twonpe.

Ou pa t bay chyen kanson, ou pa ka veye chita l

Yon moun ou ki pa t ede w pa kapab oblije veye aktivitew ni pale nan afèl non plis.

Papa pitit toujou gen tach sou kanson l

Lè w se papa ou dwe konnen sa posib pitit ka fè travay sal sou ou pou bay pitit ou manje.

Ou pa t bay chyen kanson; ou pa ka veye chita l

Ou pa bay chen an yon pantalon; ou pa ka gade/sipèvize fason li chita a.

Afè nèg pa janm piti, se janm kanson yo ki etwat

Pwòp biznis yon moun toujou gen yon enpòtans kapital pou li.

Kanson swèl te di pase sa, men maklouklou desann li; baryè ladwann te di pase sa, pise vakabon fann li

Kèlkeswa jan ou bon, ap toujou gen youn ki pi bon pase ou.