Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun fè l yon bagay li prèt pou l vanje.
Ou pa ka pi prese pase moun k ap mennen l lan.
Se depi yon nèg fyanse w ap konn si w gen yon bon madanm nan men ou.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.
Ti nèg la fè sa l kapab fè; gran nèg la fè sa l vle.
Pwal sou pwatrin lan pa gen fwote.
Sa lèzòm di pa nesesèman sa Bondye òdone.
Fè yon diskisyon, regle yon diskisyon.
Se nan fè jwèt timoun pwofite di granmoun sa k fè l ki mal.
Pa gen anyen ki seche pi vit pase dlo nan je.
Poul ki ri, se li ki ponn ze a.
Moun ki pi wo a pran pi gwo tonbe/mete a.