Sa ta vle di moun k ap fè byen ak ou ou dwe fè byen ak li tou pou ta ka ankourajel nan sa l ap fè a.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.
Vè yo pi fò pase kò a.
Janm long pa vle di yon moun konn mache.
Ou pa ka mare pye lanmò. Ou pa ka anpeche lanmò.
Kòmanse bonè pa vle di/sifizans ase, men se konnen chemen an/wout la ki konte.
Moun ki anmède kòl gen chans pou tonbe lèd yon moun ki pa anmède kòl gen chans pou reyisi.
Lè gen lavi, gen espwa.