Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se nan blag ke souvan verite a soti.
Yon grannèg antre kote li vle. Moun ki gen gwo pozisyon oswa richès ka ale kote yo vle.
Soti nan FB Judith Beliard pou ale nan Gwoup Zetwal , 11 septanm 2013
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, E Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. Pwovèb 19:17 Tradiksyon Monn Nouvo
Moun menm kwayans, menm angajman.
Fòs yon moun vanyan pa janm kache. Vrè kouraj ak fòs toujou parèt aklè.
Verite fè mal.
Plis pozisyon an gwo, se plis salè a gwo.
Sa ou pa konnen, reprezante maji.