Avoka tankou sizo; se moun ki nan mitan an yo koupe a.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se je yo ki wè, se sèvo a ki aji.
Avèg la pa janm menase pou l kalonnen w ak wòch si li pa gen wòch la nan sak li.
Bouch la di sa je yo wè. Yon moun sèlman rakonte sa li wè bò kote l. Tout bagay baze sou eksperyans pèsonèl.
Si ou wè yon moun ap poupou sou tèt li, li pral mouri san mank .
Yon van bloke yon lòt.
Yon pat poul pi bon pase yon ti branch bwa/kire dan. "Sa ou ka genyen an pi bon pase pa gen anyen ditou. "