Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Chak manman gen patipri anvè pwòp pitit li yo.
Kè a se yon kòf fò, bouch mwen se kle a. Bon pawòl se kle a.
Bonte krapo a fè l mouri san dèyè li.
Se pa chak jou Margaret al nan mache pou l ka pote bon siwo. Gen bon jou ak gen move jou.
Se pa chak jou Margaret al nan mache a li fè bon komisyon/pwofi.
Lawont se konpayon remò.
Ou kouche sou po bèf la, epi w'ap pale l' mal!
Matla a te di plis pase sa, epi li te kite matla pay la monte/pran avantaj sou li. "Moun, pi bon pase ou, te oblije aksepte sa yo pa renmen."
var: Chik pa respekte mèt bitasyon.<br />exe: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.