Kafou a pi ansyen pase wout prensipal la.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè w ap panse sou kouri, panse tou ak fatige.
Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.
Trè malad vle di pa lanmò. "Prèske mouri vle di pa mouri." oubyen "Sou pwen lanmò vle di pa lanmò."
Lave twal sal ou yo lakay ou.
Trib aran se vyann. "Matyè dechè aran se vyann." Ze aran se vyann. Tout bagay ka itilize?
Se lè ou malad pou ou konnen si ou gen zanmi.
peroke
Gen twa kalite moun nan mache samdi a: moun k ap vann, moun k ap achte, ak moun k ap vòlè. Diferan moun vin nan mache a pou diferan rezon.
Chak jwèt gen règ li yo.
Yon ons prevansyon vo yon liv gerizon. Hall 1953 ekri Ti bouton se chemin gwo maleng .