Pawòl dous yo nesesè pou fè kè a kontan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bèf la manje korosòl la, pa pou plen vant li men pou bouch li dous.
Yo jije yon manman sou siksè pitit li yo.
Lè ou kouri twòp, ou kase pye ou.
Yon moun ki genyen nan galata se li ka jwenn pou itilize lè zafèw pa bon.
Bouch yon fanm pa janm rete bouch li.
Se yon pozisyon ki mande aksyon . "Ou aji jan w ap aji a paske ou nan pozisyon sa a."
Se pa tout kalite dans ki bon.
Aparans twonpe. Sa ou wè a pa toujou sa ou jwenn.
var: Vye chodyè kwit bon manje.