Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se zanmi w ki pral fè yo pann ou.
Mwen dwe pwodui sa m kapab pwodui. [Fanm nan ap di - Yon fanm ta dwe fè otan timoun ke li kapab. Mwen menm?]
Mwen p ap rele yon chen 'papa' pou yon zo.
Pa gen yon metye ki pa nouri atizan li an.
var: Gwo non tiye (touye) ti chyen.
Moun ki ava toujou renmen bagay lòt moun.
Lapli avril pote flè me. Sa ki fè kèk moun mal, ede lòt moun.
Mèt chen an kanpe bò tèt chen li a – li kontwole l – li pran responsablite pou aksyon chen li a.
Sa moun nan fè kont moun li pa renmen kapab rive moun li renmen an tou.
Yon moun k ap fè yon bagay li pa mande konsèy lè l pran nan cho la va mandel.
Chat mawon antere poupou yo .
Krapo a fache; li mouri san dèyè li. “Ou panse pòsyon pa w la te twò piti; ou ka rete san anyen!”