Avèk bon abitid, tout bagay posib.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki renmen bat kòl se posib pou pa jwenn anyen ditou nan fè anbisyon.
Yon moun ki renmen esplike jan sa te ye se posib ou ka antrave.
Yon moun ki konn simen lapli e le bontan devan lanmò se posib li k ap retresi sou sal ka fè.
Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.
Yon bagay osinon yon moun ki la lontan se posib pou l bay pi bon sèvis.
Yon moun ki fè yon bagay avan lèl se posib li ka echwe ladan l.
Moun k ap fè gwo bri fè enteresan se posib pou moun sa pa kapab remèt anyen.
Yon fou lacho se pa lanfè. Bagay yo ka difisil, men yo pa pi mal posib.
Fòk ou pa parese pou ou ka travèse wout difisil sa se posib pou jwenn rezilta fwi travay ou.
Lè yon moun ap chache fè twò gwo benefis li posib tout pou l fè gwo defisi.
Lè yon moun fè fè w yon bagay depase se posib sa ka rive vin anmède moun nan ki fè l la tou.
Lé yon moun fè twòp se posib li ka gate jwèt la li fè bagay ki lèd ki pa bon.
Lè yon moun konnen l anfòm li posib pou l jwenn yon moun ki pi fò pase l.
Pou montre pa gen anyen lajan pa kapab fè men sou gen lajan tout bagay posib.
Se pa avèk yon sèl dwèt ou manje kalalou. Lè gen anpil moun met ansanm li posib pou nou reyisi pi vit.
Lè w se papa ou dwe konnen sa posib pitit ka fè travay sal sou ou pou bay pitit ou manje.
Sa montre ke se posib kèlkeswa yon moun kapab viktim.
Yon moun ki renmen yon bagay se posib l ap bal plis enpòtans sanmank jouk tan malè rivel.
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Yon moun ou konnen kijan l te ye menm si l chanje pozisyon li posib pou l rete jan l te ye a oubyen moun nan toujou sonje pase li.
Lè yon moun nan betize ak yon moun ki gen plis valè pasel se posib li ka vin pèdi valè.
Yon timoun ki ap respekte moun se posib pou l pa viv lontan.
Toujou gen rès rad lakay tayè a. Pou montre travay nan yon domèn se posib pou toujou jwenn kichòy lakay li.
Se lè la fanmi fin jwen ak moun pa w jwenn se lè sa w ka bay moun ki deyò yon kichòy si se posib.
Yon moun ki fò se posib li jwenn yon moun ki pi pasel.
Yon moun k ap fè twòp enteresan se posib li ka fè l pèdi avantaj.
Ou ranmase tout enfomasyon ki posib avan ou pran desizyon e avan ou pran yon chemen ou pa konprann.
Yon moun ki manke pran nan yon gwo bagay se posib li ka tonbe nan menm bagay la ankò.
Yon moun ki gen relasyon ak yon moun pou tèt yon bagay Kon bagay la pa la ankò se posib pou zanmi an kwaze.