Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun k ap bat pou l kraze yon moun se posib li ka pèdi ni moun nan ni sal ap espwate nan moun nan.
Konesans difisil, entèlijans koute chè. Toujou gen yon moun ki pral depase w .
Yon moun ou bal anpil enpòtans epi ki soTi poul depase nivo apresyasyon ou ba li a pou l ta fè w tounen sapat pye.
Lè yon moun fè fè w yon bagay depase se posib sa ka rive vin anmède moun nan ki fè l la tou.
Gen cham ki depase lòt cham yo. Ki vle di egzistans yon bagay ki pi fò oswa ki pi puisan.
Eksperyans depase konesans.
Yon moun k ap egzòtel pou l pa fè bagay ki pa depase kapasitel.
Gen konesans ki depase konesans. Toujou gen plis pou aprann.
Ou di yon moun ou pa bezwen l se lè w depase kotew te ka gen bezwen moun nan.
Bouda li won, men li anvi pet kare kare. Li vle depase mwayen li.
Ou pa dwe mouche nen w pi wo pase nen w. Pa depase limit ou yo oswa aji pi wo pase pozisyon ou.
Gen kapasite avèk kapasite; gen yon kapasite ki depase kapasite. Toujou gen yon pouvwa ki pi fò.
Pa eseye depase lòt moun.