Creole101 Logo

✍ Powèm

Powèm an kreyòl ✨ Dekouvri powèm kreyòl tradisyonèl ak modèn, pou lanmou, espwa, lafwa ak refleksyon pèsonèl.

8 powèm jwenn.

🎭 Gade tout tèm yo
📜Plis powèm pou w li

Temwayaj lanmou m

Nahissa B.P.

Byen souvan nan je klè mwen t ap chèche yon lanmou ki pafè. Yon lanmou ki sensè, yon lanmou ki sot nan kè. Yon lanmou ki pa 'care' si nan vi m sounami fè djèdjè. Men ki pote bonè kou larivyè nan mitan kè yon forè. A…

👁 857 gade Amou
Li plis →

Lyon ak bourik

Oswald Durand

E konpè lyon pa te grangou. Kan li konsa, lan pwen bèt Kòm li pou jenere, onèt. Lan pwen ditou. Sete jus lè bourik pike yon tèt Lan yon ravin, li naje. Bichi! Twou la fon, pye li angaje L ape neye. Ou ki kon…

👁 1444 gade Animal Kilti
Li plis →

Pouèl fanm

Georges Castera

Pouèl fanm ou kouché nan bra-m. pouèl-ou, chéri, tankou fronmi fou. y-ap grinpé tou patou: sou jé-m, sou chévé-m sou bouch mouin tou. yo tèlman long. se fèy kokoyé. yo gayé, yo fè-m égaré. sou lanmè, pou…

👁 148467 gade Amou
Li plis →

Papye Jounal

Georges Castera

Papye Jounal papyé jounal, mouin di-ou mèsi tandé. gras a ou, paròl pa bouch pèsé. gras a ou nouvèl pa rive nan ti godé zétoual sé marigouin nan syèl yo ta kab koukouy tou min gras a ou, jounal, érè pa ginmin…

👁 71087 gade Kilti
Li plis →

Lè m te damou w

Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Lè m te damou w M te renmen lavi M konn pran lari Kou moun fou Al resite non w nan tout kafou Non, renmen sa a pa t senesof men sof... m te renmen w Lè m te damou w Tout ti griye mayi m Se te pou n al fè ti …

👁 214361 gade Amou
Li plis →

Èske sa a se lanmou?

louis

Ki sansasyon sa a? M santi l lajounen kou lannuit. Li fè m tranble k'on fèy bwa. Li pa fè m byen menm non. Kilè l te kòmanse? Kilè l ap fini? Kijan lavi nou pral ye? N ap senpleman ret zanmi? Poukisa m santi…

👁 496419 gade Amou
Li plis →

Poukisa

Maggy Reed

Poukisa? Woy! men kè m ap rete M paka kwè toutbonvre nou kite E m te gentan fin gate Chak jou m chita m ap kalkile Èske sa pa ka chanje? Atò se si selman m te konnen sa l ye Lè m sonje ti koze n te konn pale J…

👁 588542 gade Amou
Li plis →

Choukoun

Oswald Durand

Dèyè yon gwo touf pengwen Lòt jou mwen kontre Choukoun Li souri lè li wè mwen Mwen di: "O! a la yon bèl moun!" Li di: "Ou trouve sa, chè?" Ti zwezo t ap koute nou an lè, Kan m sonje sa, mwen genyen lapenn Kar …

👁 179425 gade Amou
Li plis →
🎭Tèm popilè
🏷️Mo kle popilè

Klike sou yon mo kle pou w chèche tout powèm ki gen menm tèm nan.