Creole101 Logo
Gid gramè pou tout moun

Creole101 • Gramè

Aprann gramè kreyòl ayisyen an byen fasil

Yon gid rapid, klè, epi amizan pou konprann jan kreyòl ayisyen mache: ti mo ki fè gwo travay, vèb ki pa konjige, atik ki vini apre non, ak fraz ki mache dwat.

🌐 Lang paj la: EN HT FR ES PT

Gramè san tèt chaje

Kreyòl gen règ pa li

Lang nan pa bezwen konjigezon lou pou li bay tan, aspe, negasyon, kesyon, posesyon, ak tout kalite sans.

pa, pou make negasyon
yo, pou fòme pliryèl
ap, pou montre kontinyasyon
te, pou make tan pase

Tab matyè

Sa w ap aprann

Paj sa a sèvi tankou yon tablo gramè: ou ka li l depi anwo jouk anba, oswa klike sou yon sijè nan kolòn dwat la.

24

lèt nan alfabè kreyòl la

32

grafèm pou reprezante son lang nan

9

kategori gramè pou aprann fraz yo vit

🎨

Kòd koulè

Mo frekan yo gen koulè

Nan tout paj sa a, mo ki frekan yo make ak yon koulè selon travay gramatikal yo (non, pwonon, vèb, elt.), pou ede w konpare estrikti kreyòl la pi fasil ak lòt lang.

Non Pwonon Detèminan Vèb Oksilyè Negasyon Prepozisyon Konjonksyon Mo kesyon

01 • Rezime rapid

01Gramè kreyòl yon fason ki klè kou dlo kokoye 🥥

Kreyòl ayisyen se yon lang ki gen pwòp règ li. Li pa bezwen chanje fòm vèb yo pou chak moun. Li sèvi anpil ak ti mo devan oswa dèyè lòt mo pou montre tan, kantite, definisyon, posesyon, negasyon, ak kesyon.

🧱

Mo yo pa chanje anpil

Vèb yo pa konjige pou mwen, ou, li, nou, yo. Se ti makè tankou te, ap, pral, ta ki fè travay tan ak mod.

🚦

Ti mo yo se motè fraz la

yo, la, a, an, nan, pa, se, gen, ap, te, pral bay fraz la sans ak direksyon.

🎯

Lòd fraz la klè

Fraz debaz la se: moun nan + aksyon an + rès fraz la. Egzanp: Timoun nan manje pen.

Fòmil baz: Sijè + Vèb + Objè. Egzanp: Timoun nan manje pen.

02 • Istwa lang nan

02Orijin Kreyòl Ayisyen

Kreyòl ayisyen devlope nan koloni Sen Domeng, sitou nan 17yèm ak 18yèm syèk yo, lè moun ki te pale fransè te antre an kontak ak moun ki te soti nan plizyè pèp afriken. Se poutèt sa anpil mo kreyòl soti nan fransè, men anpil estrikti gramè kreyòl sanble ak estrikti lang Afrik Lwès ak Afrik Santral yo.

Sous Sa li bay kreyòl Egzanp
Fransè ansyen ak varyete rejyonal fransè Anpil vokabilè chak jou. manje, pale, travay, lekòl, lajan
Lang Gbe: Fon, Ewe, elatriye Estrikti gramè, kèk mo espirityèl, kèk modèl fraz. vodou, Legba, Ayizan
Lang Kongo Mo relijye, mo kiltirèl, modèl redoubliman ak ekspresyon. zombi, nganga, makaya
Yowouba Non lwa, mo relijye, enfliyans kiltirèl. Ogou, Chango, marasa
Wolof ak lòt lang Afrik Lwès Kèk mo sosyal, kiltirèl, espirityèl. wanga, gri-gri, yamba
Tayino / Karayib Mo pou manje, lanati, kay, plant, bèt, lavi zile. kay, kasav, kano, tabak, goyav
Anglè, panyòl, pòtigè, arab atravè lòt lang Mo komès, manje, teknoloji, lavi modèn. biznis, machin, magazen, kafe
Rezime senp: Vokabilè kreyòl la gen anpil rasin fransè, men gramè a pa yon kopi fransè. Kreyòl gen pwòp sistèm li: atik apre non, makè tan devan vèb, yo pou pliryèl, epi pwonon ki pa chanje selon maskilen/feminen.

03 • Son ak òtograf

03Alfabè ak grafèm Kreyòl Ayisyen

Selon rezolisyon AKA 2023 la, sistèm òtograf kreyòl la genyen 24 lèt. Lèt sa yo sèvi pou fòme 32 grafèm ki reprezante son lang nan. Yon grafèm ka yon sèl lèt tankou a, oswa yon konbinezon lèt tankou an, ch, ou, oun.

Gwoup Eleman Egzanp
24 lèt a, b, c, d, e, f, g, h, i, j, k, l, m, n, o, p, r, s, t, u, v, w, y, z ale, bato, chat, dlo, fè, kay, valiz
Vwayèl oral a, e, è, i, o, ò, ou ale, elèv, èd, imite, ochan, pòt, ouvriye
Vwayèl nazal an, en, on, oun manje, lapen, ponp, oungan
Demi vwayèl u, w, y uit, kaw, kay
Grafèm konpoze ch, ng, an, en, on, ou, oun chat, zing, ban, lapen, son, kalalou, moun
Bon abitid: ekri mo yo selon son yo, san lèt bèbè. Pa mete lèt sèlman paske yo parèt nan fransè.
Remak Creole101: Kenbe òtograf la pwòp: òtograf, kreyòl, etid, etidye, etidyan, meyè. Nou pa mete “r” devan o, ò, oswa ó nan mo kreyòl natif-natal, sof si se non pwòp oswa mo prete kote fòm nan deja fikse.

Pwononsyasyon

Tab pwononsyasyon alfabè a

Chak lèt gen yon bouton son 🔊. Klike sou li pou tande lèt la, epi konpare mo kreyòl la ak yon mo ki sanble nan lòt lang yo.

Lèt Non HT (egzanp) EN | FR | ES | PT (egzanp sanble)
a a chapo father · patte · casa · casa
b be bato boy · bateau · barco · barco
c se chat cat · chat · gato · gato
d de danse door · dos · dedo · dedo
e e elvé eight · été · bebé · bebê
f fe fèmen fair · fer · fe · fé
g ge gason go · gare · gato · gato
h he hanch happy · oh! · hola · hoje
i i isit machine · ici · sí · si
j je jaden measure · jardin · ya · já
k ke kay kite · kaki · kilo · quilo
l le liv love · livre · libro · livro
m me manje man · manger · mano · mão
n ne non no · non · no · não
o o kado or · beau · yo · avô
p pe pen pen · pain · pan · pão
r re rele run (soft) · rue · pero · rua
s ès san sun · sang · sí · sim
t te tab table · table · tabla · tabela
u ui uit boot (rounded) · lui · tu · tu
v ve vakans van · vent · vaca · vaca
w we we · oui · web · web
y ye yo yes · yeux · ya · já
z ze zo zoo · zéro · zorro · zero

Lòt grafèm yo

8 lòt grafèm kreyòl yo + X

Grafèm sa yo konplete 32 son prensipal yo nan òtograf kreyòl ayisyen an. Lèt X la ajoute kòm yon bonis paske yo sèvi avè l sitou nan syans ak nan matematik.

Lèt Non HT (egzanp) EN | FR | ES | PT (egzanp sanble)
an an manman aunt · maman · manta · manta
ch che chapo shoe · chapeau · chico · chá
è è bed · père · perro · pé
en en pen paint · pain · ven · vem
ò ò pòt thought · porte · sol · porta
on on bon song · bon · son · bom
oun oun oungan moon · moune · mundo · mundo
ng nge bilding sing · parking · parking · parking
x Bonis iks 5 x six · six · taxi · táxi

Ti kwiz 03: Alfabè ak grafèm

Reponn omwen yon kesyon, apre sa klike sou bouton an pou konpare repons ou yo.

1) Konbyen lèt ki nan alfabè kreyòl la?

Repons: 24 lèt.

2) Konbyen grafèm sistèm òtograf kreyòl la genyen?

Repons: 32 grafèm.

3) Bay 2 egzanp vwayèl nazal.

Repons posib: an, en, on, oun.

4) Ki grafèm ki nan mo chat la?

Repons: ch.

5) Èske kreyòl gen lèt bèbè tankou fransè?

Repons: Non. Prensip òtograf la se ekri selon son yo.

04 • Mo tankou fanmi

04Fòmasyon mo nan Kreyòl 🧩

Menm jan angle ka gen book, bookish, bookstore, kreyòl gen fanmi mo tou. Pafwa yon mo chanje wòl san li pa chanje fòm. Pafwa li pran yon lòt fòm tankou etid → etidye → etidyan.

Mo baz Fanmi mo Sa k chanje Egzanp
etid etid, etidye, etidyan non → vèb → moun Etidyan an ap etidye leson an.
travay travay, travayè, travay di non/vèb → moun → fason Travayè a travay di.
bon bon, pi bon, meyè kalite → konparezon → pi wo nivo Sa bon, men lòt la pi bon. Se meyè chwa a.
bèl bèl, pi bèl, bèlte adjektif → konparatif → non abstrè Bèlte jaden an fè moun kontan.
pale pale, pawòl, pale-pale vèb → non → redoubliman Li renmen pale-pale, men pawòl li itil.
kouri kouri, kourè, kouri-kouri vèb → moun → aksyon repete/oswa prese Kourè a kouri vit; timoun yo ap kouri-kouri.
Ti jwèt: pran yon mo tankou chante. Mande tèt ou: moun ki chante a se kiyès? chantè. Aksyon an? chante. Rezilta a? chante a oswa chanson an, selon kontèks.

05 • Blòk gramè

059 pati / fonksyon gramè nan Kreyòl

Pou Creole101, nou sèvi ak 9 gwo kategori ki ede elèv yo wè travay mo yo nan fraz la. Kèk ladan yo se “pati diskou” tradisyonèl; kèk lòt se fonksyon gramè ki enpòtan anpil nan kreyòl, tankou makè tan, negasyon, ak detèminan.

# Kategori Travay li fè Egzanp mo Egzanp fraz make
1 Non Bay non moun, kote, bagay, lide, santiman. kay, liv, lekòl, lanmou Liv la sou tab la.
2 Pwonon Ranplase non pou evite repete l. mwen, ou, li, nou, yo Se ou yo te rele nan lekòl la.
3 Detèminan / Atik Montre si non an defini, endefini, pliryèl, oswa demonstratif. yon, la, a, nan, yo, sa a Mwen achte yon liv; liv la bèl.
4 Vèb Montre aksyon, eta, mouvman, oswa chanjman. manje, ale, aprann, travay Timoun yo aprann kreyòl.
5 Oksilyè / Makè tan Montre tan, aspe, kapasite, kondisyon, oswa obligasyon. te, ap, pral, ta, ka, dwe Mwen te ale; kounye a m ap vini.
6 Negasyon Fè fraz la negatif. pa, poko, pa janm, anyen Mwen pa konnen.
7 Prepozisyon Montre rapò kote, direksyon, mwayen, oswa objektif. nan, sou, ak, pou, anba Li rete nan kay la.
8 Konjonksyon Konekte mo, gwoup mo, oswa fraz. ak, men, paske, si, Mwen vini paske ou rele m.
9 Mo kesyon Sèvi pou mande enfòmasyon. kisa, kiyès, kote, kilè, poukisa, kouman Kisa w ap ?
Egzanp konparezon: It was you they called at school. → Se ou yo te rele nan lekòl la.

Ti kwiz 05: 9 kategori gramè

Reponn omwen yon kesyon, apre sa konpare repons ou yo.

1) Ki kategori ki bay non moun, kote, bagay, oswa lide?

Repons: Non.

2) Ki kategori ki ranplase non?

Repons: Pwonon.

3) Nan fraz “Mwen te ale”, ki mo ki se makè tan?

Repons: te.

4) Nan fraz “Mwen pa konnen”, ki mo ki make negasyon?

Repons: pa.

5) Ki kategori mo “kisa, kote, kilè” ye?

Repons: Mo kesyon.

06 • Non

06Non nan Kreyòl

Yon non se mo ki bay non yon moun, yon kote, yon bagay, yon bèt, yon lide, oswa yon santiman: timoun, kay, chat, libète, zanmitay.

Règ Kreyòl Egzanp
Pa gen jan gramatikal Non yo pa maskilen/feminen tankou an fransè. yon doktè ka gason oswa fi.
Non pa pran “s” pou pliryèl Se yo ki make pliryèl defini. liv laliv yo
Non ka sèvi kòm deskripsyon Yon non ka ede dekri yon lòt non. machin lekòl, kay pay

07 • Detèminan ak atik

07Detèminan ak atik: yon, la, a, an, nan, yo

Nan kreyòl, atik defini an souvan vini apre non an. Sa se youn nan bagay ki fè kreyòl diferan anpil ak fransè oswa angle.

Tip detèminan Fòm Egzanp Sans
Endefini yon yon liv a book / yon liv nenpòt
Defini sengilye la, a, an, lan, nan liv la, moun nan the book / liv nou konnen an
Defini pliryèl yo liv yo, timoun yo the books / the children
Demonstratif sa a, sa yo liv sa a, timoun sa yo this book / these children

Ti kwiz 07: Detèminan ak atik

Reponn omwen yon kesyon, apre sa konpare repons ou yo.

1) Ki atik endefini an kreyòl?

Repons: yon.

2) Ki jan ou di “the book” an kreyòl?

Repons: liv la.

3) Ki jan ou di “the books” an kreyòl?

Repons: liv yo.

4) Nan kreyòl, atik defini an vini anvan oswa apre non an?

Repons: li vini apre non an.

5) Èske “livs” se bon pliryèl an kreyòl?

Repons: Non. Di liv yo.

08 • Pwonon

08Pwonon yo

Pwonon kreyòl yo pa chanje pou sijè ak objè. Menm mo a ka sèvi pou “I” ak “me”, “he/she/it” ak “him/her/it”.

Pèsòn Fòm long Fòm kout Egzanp sijè Egzanp objè
1e sengilye mwen m Mwen vini. Li mwen.
2e sengilye ou w Ou pale. Mwen ou.
3e sengilye li l Li manje. Mwen rele li.
1e/2e pliryèl nou n Nou aprann. Yo ede nou.
3e pliryèl yo yo Yo vini. Mwen yo.

09 • Vèb

09Vèb yo pa konjige 🎉

Nan kreyòl, vèb la rete menm jan pou tout moun: mwen pale, ou pale, li pale, nou pale, yo pale.

Bon nouvèl: Ou pa bezwen aprann yon pakèt fòm tankou je parle, tu parles, nous parlons. Nan kreyòl: mwen pale, ou pale, nou pale.

10 • Oksilyè ak makè tan

10Oksilyè ak makè tan

Se ti makè devan vèb la ki montre tan, aspe, kapasite, obligasyon, oswa kondisyon.

Sans Makè Fòmil Egzanp
Prezan / abitid Sijè + vèb Mwen manje.
Pase te Sijè + te + vèb Mwen te manje.
Kontinyasyon ap Sijè + ap + vèb M ap manje.
Fiti pwòch pral Sijè + pral + vèb Mwen pral manje.
Kondisyonèl ta Sijè + ta + vèb Mwen ta manje.
Kapasite / posibilite ka Sijè + ka + vèb Mwen ka manje.
Obligasyon dwe / fòk Sijè + dwe + vèb / Fòk + sijè + vèb Mwen dwe ale. / Fòk mwen ale.
Kontraksyon natirèl: mwen ap vin m ap; li ap vin l ap; nou ap vin n ap.

Ti kwiz 10: Makè tan

Reponn omwen yon kesyon, apre sa konpare repons ou yo.

1) Ki makè ki montre pase?

Repons: te.

2) Ki makè ki montre aksyon ap fèt kounye a?

Repons: ap.

3) Tradui: “I was eating.”

Repons: Mwen t ap manje.

4) Tradui: “I am going to eat.”

Repons: Mwen pral manje.

5) Èske vèb kreyòl chanje fòm pou “mwen, ou, li, yo”?

Repons: Non. Vèb la rete menm jan.

11 • Negasyon

11Negasyon ak pa

Pou fè yon fraz negatif, mete pa devan vèb la oswa devan makè tan an.

Afirmatif: Mwen manje.
Negatif: Mwen pa manje.
Afirmatif: Li te vini.
Negatif: Li pa t vini.
Remak: nan kreyòl, doub negasyon ka natirèl: Mwen pa janm di anyen.

12 • Prepozisyon

12Prepozisyon

Prepozisyon yo montre kote, direksyon, mwayen, posesyon, objektif, oswa relasyon ant lide yo.

Prepozisyon Sans Egzanp
nanin, at, to, from, intoLi rete nan kay la.
souon, aboutLiv la sou tab la.
ak / avèkwith, andMwen vini ak zanmi m.
poufor, in order toKado sa a se pou ou.
sanwithoutLi soti san valiz.
anbaunderChen an dòmi anba chèz la.

13 • Konjonksyon

13Konjonksyon

ak / epi: Li achte pen ak lèt.
men: Mwen vle vini, men m pa kapab.
ou / oubyen: Ou vle kafe ou te?
paske: Li kontan paske li reyisi.
si: Si ou travay, w ap reyisi.
: m rive, m ap rele ou.

14 • Mo kesyon

14Mo kesyon

Ou ka poze kesyon ak entonasyon, ak èske, oswa ak mo kesyon.

Mo kesyon Sans Egzanp
Kisa?whatKisa w ap ?
Kiyès? / Ki moun?whoKiyès ki vini?
Kote?whereKote ou pral ale?
Kilè?whenKilè n ap pati?
Poukisa?whyPoukisa ou ri?
Kouman?howKouman ou ye?
Konbyen?how many / how muchKonbyen sa koute?

15 • De gwo zouti

15“Se” ak “gen”

Se

Se sèvi pou idantifye moun oswa bagay.

  • Li se pwofesè.
  • Sa se liv mwen.
  • Se mwen ki rele ou.

Gen

Gen sèvi pou posesyon, egzistans, oswa “there is / there are”.

  • Mwen gen yon liv.
  • Gen anpil moun deyò.
  • Pa gen pwoblèm.
Atansyon: Pa sèvi ak se devan adjektif senp. Di Li bèl, pa di Li se bèl.

16 • Dekri ak modifye

16Adjektif ak advèb

Adjektif dekri non. Advèb dekri vèb, adjektif, oswa yon lòt advèb.

Kalite Wòl Egzanp Fraz
Adjektif Dekri non bèl, gwo, bon, piti Se yon kay bèl.
Advèb Dekri fason aksyon fèt byen, vit, dousman Li pale dousman.
Entansite Fè sans lan pi fò anpil, twò, trè, nèt Li kontan anpil.
Konparatif Konpare de bagay pi... pase, mwens... pase Kay sa a pi gwo pase lòt la.
Sipèlatif Montre pi wo nivo pi... nan tout, meyè Se meyè chwa a.

17 • Yon gou espesyal

17Redoubliman

Redoubliman se lè yon mo repete pou bay plis fòs, plis imaj, plis emosyon, oswa yon sans aksyon repete.

Mo Redoubliman Sans Egzanp
bèlbèl-bèltrè bèl / byen bèlFlè yo bèl-bèl.
pitipiti-pititi kras pa ti krasLi aprann piti-piti.
kourikouri-kourikouri san rete/oswa preseTimoun yo ap kouri-kouri.
palepale-palepale anpil/oswa pale san fonSispann pale-pale.

18 • Òtograf pratik

18Nonb, lè, ak laj

AKA 2023 bay rekòmandasyon sou fason pou ekri nonb, lè, ak laj. Sa itil anpil pou lekòl, diksyone, liv, sitwèb, ak aplikasyon.

Sijè Règ Egzanp
0–19 Ekri kòm mo senp. zewo, en/youn, de, twa, kat, senk, sis, sèt, uit, nèf, dis, onz, douz, trèz, katòz, kenz, sèz, disèt, dizuit, diznèf
21, 31, 41, 51, 61 Gen fòm kole pou yo. venteyen, tranteyen, karanteyen, senkanteyen, swasanteyen
Laj Sèvi ak an, ane, lane, zan selon kontèks. Li gen 23 zan. / Timoun nan gen 5 an. / 100 an = santan.
Sèvi ak è oswa selon kontèks. Li 5 è. / Li 2 zè. / Li 4 è.

19 • Eritaj mo

19Mo Kreyòl ki soti nan lang zansèt afriken

Gen anpil mo kreyòl ki gen rasin oswa relasyon ak lang afriken. Gen kèk ki pi solid nan rechèch lengwistik; gen lòt ki rete diskite. Tablo sa a sèvi kòm yon gid pedagojik pou montre eritaj lang yo.

Mo Kreyòl Siyifikasyon Lang / fanmi posib Nòt
vodourelijyon / lespriFon / GbeSouvan rapwoche ak vodun.
Legbalwa / lespriFon / GbeNon espirityèl enpòtan nan tradisyon ayisyen.
Ayizanlwa / lespriFon / GbeMo relijye/kiltirèl.
Ogoulwa vanyan sòldaYowouba / GbeRapò ak Ogun nan tradisyon Yowouba.
zombimò-vivan / lespriKongo / Fon, diskiteYoun nan mo ki pi popilè atravè lemond.
ngangagerisè / prèt tradisyonèlKongoMo Kongo ki parèt nan plizyè lang Bantu.
makayapratik espirityèlKongoSouvan asosye ak branch Kongo nan Vodou.
malembedousman / dousman dousmanKongo / LingalaSouvan parèt nan ekspresyon ritmik.
wangacham / objè majikWolof, diskiteGen varyant tankou ouanga.
gri-gricham / talismanWolof / Afrik LwèsMo ki parèt nan plizyè kreyòl ak lang rejyonal.
yambachanv / mariwanaWolofMo Afrik Lwès.
marasajimo / lespri jimoAfrik Lwès, diskiteKonsepsyon jimo yo enpòtan nan plizyè kilti afriken.
Nòt editoryal: Pou Creole101, make mo sa yo kòm “orijin posib / orijin pwobab” lè rechèch la pa fin dakò. Sa ap kenbe paj la serye.

20 • Pou sonje vit

20Ti règ rapid ⚡

Règ Sonje sa Egzanp
Vèb pa konjige Menm vèb la sèvi pou tout moun. Mwen pale, ou pale, yo pale.
Pliryèl ak yo Pa mete “s” pou fè pliryèl. liv yo, moun yo
Atik apre non Atik defini an vini dèyè non an. kay la, moun nan
Posesyon apre non Bagay la vini anvan posedè a. kay mwen, liv Jan
Negasyon ak pa Mete pa devan vèb oswa makè vèb. Mwen pa konnen.
Kesyon fasil Entonasyon oswa èske. Ou vini? / Èske ou vini?

21 • Konparezon fraz

21Konparezon 30 fraz ak mo frekan

Tablo sa a ede moun wè jan kreyòl sèvi ak lòd fraz, detèminan, makè tan, negasyon, prepozisyon, ak mo kesyon. Kolòn Fon, Ewe, Wolof, Yoruba, ak Igbo yo se vèsyon pedagojik pou konpare estrikti yo; yo ta dwe verifye ak lokitè natif natal avan yo sèvi kòm referans akademik.

Chwazi tradiksyon ou vle wè

Kreyòl toujou parèt. Make lang ou vle konpare ak kreyòl la.

# HT FR EN ES PT Fon Ewe Wolof Yoruba Igbo
1 Bonjou, mwen rele Jan. Bonjour, je m’appelle Jean. Good morning, my name is John. Buenos días, me llamo Juan. Bom dia, eu me chamo João. , wo mi John. Ŋdi, wo nye John. Jàmm, maa ngi tudd John. àárọ̀, wọ́n ń pè John. Ụtụtụ ọma, a na-akpọ m John.
2 Bonjou Jan, mwen rele Àna. M kontan konesans avè w. Bonjour Jean, je m’appelle Anna, enchantée. Hello John, my name is Anna. Nice to meet you. Hola Juan, me llamo Anna, un gusto. Olá João, eu me chamo Anna, prazer. John, wo mi Anna. Xomɛ hun mi. Míɛ John, wo nye Anna. Dzidzɔ e nye kpɔ . Salamalekum John, maa ngi tudd Anna. Contaan naa ci gis la. Ẹ káàbọ̀ John, wọ́n ń pè Anna. Inú mi dùn láti pàdé rẹ. Ndewo John, a na-akpọ m Anna. dị m mma izute gị.
3 Kòman w ye jodi a? Comment vas-tu aujourd’hui ? How are you today? Cómo estás hoy? Como você está hoje? Ɖɛ a le egbe? Aleke le egbe? Naka nga def tey? Báwo ni o ṣe lónìí? Kedu ka dị taa?
4 Mwen byen, mèsi. E ou menm? Je vais bien, merci. Et toi ? I am fine, thank you. And you? Estoy bien, gracias. Y ? Estou bem, obrigada. E você? Un le nyuie, akpé. Bo a? Mele nyuie, akpe. Eye ? Maa ngi fi rekk, jërëjëf. Ak yow? Mo dáadáa, ẹ ṣé. Àti ìwọ? Adị m mma, daalụ. Ma gị?
5 Mwen byen tou. Èske ou pale angle? Je vais bien aussi. Est-ce que tu parles anglais ? I am fine too. Do you speak English? Yo también estoy bien. Hablas inglés? Eu também estou bem. Você fala inglês? Un le nyuie gɔ̃. A nu flansegbe? Mele nyuie hã. Èdoa yevugbe? Maa ngi fi rekk itam. Dangay wax angale? Mo dáadáa náà. Ṣé o sọ Gẹ̀ẹ́sì? Adị m mma kwa. na-asụ Bekee?
6 Mwen pale angle, men mwen ap aprann kreyòl. Je parle anglais, mais j’apprends le créole. I speak English, but I am learning Creole. Hablo inglés, pero estoy aprendiendo criollo. Eu falo inglês, mas estou aprendendo crioulo. Un nu flansegbe, amɔ un ɖo kplɔn kɛlɛ. Medoa yevugbe, gake mele kreyol srɔ̃m. Wax naa angale, waaye maa ngi jàng kreeyol. Mo sọ Gẹ̀ẹ́sì, ṣùgbọ́n mo ń kọ́ Kíríólù. Ana m asụ Bekee, mana ana m amụ Kiriolu.
7 Poukisa ou vle aprann kreyòl? Pourquoi veux-tu apprendre le créole ? Why do you want to learn Creole? Por qué quieres aprender criollo? Por que você quer aprender crioulo? Etɛwutu a jlo kplɔn kɛlɛ? Nu ka ta di srɔ̃ kreyol? Lu tax nga bëgg jàng kreeyol? Kí ló déo fẹ́ kọ́ Kíríólù? Gịnị mere chọrọ ịmụ Kiriolu?
8 Mwen vle pale ak fanmi mwen ak zanmi mwen. Je veux parler avec ma famille et mes amis. I want to speak with my family and my friends. Quiero hablar con mi familia y mis amigos. Eu quero falar com minha família e meus amigos. Un jlo dɔ̀ hlan hennu ce kple xɔntɔn ce. Medi ƒo nu kple nye ƒome kple nye xɔ̃wo. Dama bëgg wax ak sama waa kër ak sama xarit. Mo fẹ́ ẹbí mi ati àwọn ọ̀rẹ́ mi sọ̀rọ̀. A chọrọ ịgwa ezinụlọ m na ndị enyi m okwu.
9 Sa bon anpil. Mwen ka ede ou jodi a. C’est très bien. Je peux t’aider aujourd’hui. That is very good. I can help you today. Eso está muy bien. Puedo ayudarte hoy. Isso é muito bom. Posso te ajudar hoje. E nyɔ geɖe. Un sixu alɔ nu we egbe. E nyo ŋutɔ. Mete ŋu akpe ɖe ŋuwò egbe. Loolu baax na. Mën naa dimbali la tey. Ìyẹn dára gan. Mo ràn ọ́ lọ́wọ́ lónìí. Nke ahụ dị mma. Enwere m ike inyere gị aka taa.
10 Kisa nou ap aprann an premye? Qu’est-ce que nous allons apprendre en premier ? What are we going to learn first? Qué vamos a aprender primero? O que nós vamos aprender primeiro? tɛ̀ na kplɔn gbã? Nuka ale srɔ̃ gbã? Lan lañuy jàng bu njëkk? ni a máa kọ́ kọ́kọ́? Gịnị ka anyị ga-amụ mbụ?
11 Nou ap aprann pwonon, vèb, ak ti makè tankou te, ap, pral. Nous allons apprendre les pronoms, les verbes et les petits marqueurs comme te, ap, pral. We are going to learn pronouns, verbs, and small markers like te, ap, pral. Vamos a aprender pronombres, verbos y pequeños marcadores como te, ap, pral. Nós vamos aprender pronomes, verbos e pequenos marcadores como te, ap, pral. ɖo kplɔn pwonon, vɛb, kple makɛ lɛ́. ele srɔ̃m pwonon, vɛb, kple makɛ suewo. Nungi jàng pwonon, wax ji, ak màrkër yu ndaw. A ń kọ́ pírónáùnù, vɛ́bù, ati àmì kéékèèké. Anyị na-amụ pwonon, vɛb, na makà nta.
12 Kòman mwen ka di “I was eating” an kreyòl? Comment je peux dire “I was eating” en créole ? How can I say “I was eating” in Creole? Cómo puedo decir “I was eating” en criollo? Como eu posso dizer “I was eating” em crioulo? Ɖɛ un sixu dɔ̀ “I was eating” le kɛlɛ? Aleke mete ŋu agblɔ “I was eating” le kreyol me? Naka maa mën waxe “I was eating” ci kreeyol? Báwo ni mo sọ “I was eating” ní Kíríólù? Kedu ka m ga-esi kwuo “I was eating” na Kiriolu?
13 Ou di: Mwen t ap manje. Tu dis : Mwen t ap manje. You say: Mwen t ap manje. dices: Mwen t ap manje. Você diz: Mwen t ap manje. A dɔ̀: Mwen t ap manje. gblɔ: Mwen t ap manje. Danga wax: Mwen t ap manje. O sọ: Mwen t ap manje. kwuo: Mwen t ap manje.
14 E “I am going to work tomorrow”? Et “I am going to work tomorrow” ? And “I am going to work tomorrow”? Y “I am going to work tomorrow”? E “I am going to work tomorrow”? Bo “I am going to work tomorrow”? Eye “I am going to work tomorrow”? Te “I am going to work tomorrow”? Àti “I am going to work tomorrow”? Ma “I am going to work tomorrow”?
15 Mwen pral travay demen. Je vais travailler demain. I am going to work tomorrow. Voy a trabajar mañana. Eu vou trabalhar amanhã. Un na azɔ́n hwenu. Meayi etsɔ. Dinaa liggéey ëllëg. Mo máa ṣiṣẹ́ lọ́la. Aga m arụ ọrụ echi.
16 Kote mwen ka mete atik la? je peux mettre l’article ? Where do I put the article? Dónde puedo poner el artículo? Onde eu posso colocar o artigo? Fitɛ́ un sixu ɖo atik ɔ? Afika mete ŋu ade atik la? Fan maa mën teg atik bi? Níbo ni mo fi átíkù sí? Ebee ka m ga-etinye atikulu ahụ?
17 Atik defini an vini apre non an: liv la, moun nan, timoun yo. L’article défini vient après le nom : liv la, moun nan, timoun yo. The definite article comes after the noun: liv la, moun nan, timoun yo. El artículo definido viene después del sustantivo: liv la, moun nan, timoun yo. O artigo definido vem depois do substantivo: liv la, moun nan, timoun yo. Atik ɔ nɔ ɖo nyìkɔ megbe. Atik la nɔa ŋkɔ megbe. Atik bi day ñëw ginnaaw tur wi. Átíkù náà máa ń wá lẹ́yìn orúkọ. Atikulu ahụ na-abịa n’azụ aha.
18 Donk, se liv la, pa “la liv”? Donc, c’est liv la, pas “la liv” ? So, it is liv la, not “la liv”? Entonces, es liv la, no “la liv”? Então, é liv la, não “la liv”? Be, liv la, ma “la liv”? Eye, liv la, menye “la liv” o? Kon, liv la, du “la liv”? Nítorí náà, liv la, kì í ṣe “la liv”? Ya mere, liv la, ọ bụghị “la liv”?
19 Wi. Epitou, pou pliryèl, nou di liv yo, pa “livs”. Oui. Et pour le pluriel, on dit liv yo, pas “livs”. Yes. And for plural, we say liv yo, not “livs”. . Y para el plural, decimos liv yo, no “livs”. Sim. E no plural, dizemos liv yo, não “livs”. Ɛ̃. Plural mɛ, dɔ̀ liv yo, ma “livs”. Ɛ̃. Le plural me, gblɔ liv yo, menye “livs” o. Waaw. Ci plural, nuy wax liv yo, du “livs”. Bẹ́ẹ̀ni. Fún plural, a sọ liv yo, kì í ṣe “livs”. Ee. Maka plural, anyị na-ekwu liv yo, ọ bụghị “livs”.
20 Mwen konprann. Kisa ou ou pa konnen yon mo? Je comprends. Que fais-tu quand tu ne connais pas un mot ? I understand. What do you do when you do not know a word? Entiendo. Qué haces cuando no conoces una palabra? Entendo. O que você faz quando não sabe uma palavra? Un . Nù tɛ̀ a ne a ma nyi nyawo? Mese egɔme. Nuka ne menya nya o? Dégg naa. Lan nga def bu nga xamul ab baat? Mo lóye. ni o ṣeo mọ ọ̀rọ̀ kan? Aghọtara m. Gịnị ka na-eme mgbe maghị otu okwu?
21 Mwen gade yon diksyone, oswa mwen mande yon zanmi. Je regarde dans un dictionnaire, ou je demande à un ami. I look in a dictionary, or I ask a friend. Busco en un diccionario, o pregunto a un amigo. Eu procuro em um dicionário, ou pergunto a um amigo. Un kpɔ diksyone mɛ, alo un bii xɔntɔn. Mekpɔ le diksyone me, alo mebia xɔ̃. Maa seet ci diksyoneer, walla maa laaj xarit. Mo wo dìkíṣánárì, tàbí mo béèrè lọ́wọ́ ọ̀rẹ́. Ana m ele dikshọnari, ma ọ bụ m jụọ enyi.
22 Kouman fanmi ou ye? Comment va ta famille ? How is your family? Cómo está tu familia? Como está sua família? Ɖɛ hennu towe le? Aleke ƒome le? Naka sa waa kër? Báwo ni ẹbí rẹ ṣe ? Kedu ka ezinụlọ gị dị?
23 Fanmi mwen byen. Papa mwen travay chak jou, men li toujou pran tan pou fanmi an. Ma famille va bien. Mon père travaille chaque jour, mais il prend toujours du temps pour la famille. My family is fine. My father works every day, but he always makes time for the family. Mi familia está bien. Mi padre trabaja todos los días, pero siempre saca tiempo para la familia. Minha família está bem. Meu pai trabalha todos os dias, mas sempre arranja tempo para a família. Hennu ce le nyuie. Tɔ́ ce azɔ́n gbe sia gbe. Nye ƒome le nyuie. Fofonye gbe sia gbe. Sama waa kër baax nañu. Sama baay liggéey bés bu nekk. Ẹbí mi wà dáadáa. Bàbá mi ń ṣiṣẹ́ lojoojúmọ́. Ezinụlọ m dị mma. Nna m na-arụ ọrụ kwa ụbọchị.
24 Mwen renmen sa. Èske ou li kreyòl chak jou? J’aime ça. Est-ce que tu lis le créole chaque jour ? I like that. Do you read Creole every day? Me gusta eso. Lees criollo todos los días? Eu gosto disso. Você crioulo todos os dias? Un yiwanna e. A xlɛ kɛlɛ gbe sia gbe? Melɔ̃ esia. xlẽ kreyol gbe sia gbe? Dama bëgg loolu. Dangay jàng kreeyol bés bu nekk? Mo fẹ́ràn ìyẹn. Ṣé o ka Kíríólù lojoojúmọ́? masịrị m. na-agụ Kiriolu kwa ụbọchị?
25 Wi. Si ou li chak jou, ou ap pwogrese. Oui. Si tu lis chaque jour, tu progresseras. Yes. If you read every day, you will improve. . Si lees todos los días, mejorarás. Sim. Se você ler todos os dias, vai melhorar. Ɛ̃. Ne a xlɛ gbe sia gbe, a na ɖe ŋgɔ. Ɛ̃. Ne xlẽ gbe sia gbe la, àdzi ŋgɔ. Waaw. Boo jàngee bés bu nekk, dinga yokku. Bẹ́ẹ̀ni. o kàwé lojoojúmọ́, ìwọ yóò dára síi. Ee. Ọ bụrụ na na-agụ kwa ụbọchị, ga-eme nke ọma.
26 Kilè nou pral pwochen leson an? Quand allons-nous faire la prochaine leçon ? When are we going to do the next lesson? Cuándo vamos a hacer la próxima lección? Quando vamos fazer a próxima aula? Hwenu tɛ́ na leson bɔ? Ɣekaɣie ayi leson bubu? Ka lañuy def leson bi ci topp? Nígbà wo ni a máa ṣe ẹ̀kọ́ tó kàn? Kedu mgbe ka anyị ga-eme nkuzi ọzọ?
27 Nou pral kontinye demen. Pa pale twò vit, epi pratike piti-piti. Nous allons continuer demain. Ne parle pas trop vite, et pratique petit à petit. We will continue tomorrow. Do not speak too fast, and practice little by little. Vamos a continuar mañana. No hables demasiado rápido, y practica poco a poco. Nós vamos continuar amanhã. Não fale rápido demais, e pratique pouco a pouco. na yi nukɔn hwenu. Ma dɔ̀ hwɛhwɛ; piti-piti. ayi ŋgɔ etsɔ. gblɔ nu kabakaba o; dɔ le sue sue. Dinanu kontine ëllëg. Bul wax gaaw lool, te tàggat ndànk-ndànk. A máa tẹ̀síwájú lọ́la. sọ̀rọ̀ yarayara jù, o máa ṣe ìdánwò díẹ̀díẹ̀. Anyị ga-aga n’ihu echi. Ekwula ngwa ngwa nke ukwuu, ma mụọ nwayọọ nwayọọ.
28 Mwen renmen ou, zanmi mwen. Mwen apresye èd ou. Je t’aime, mon ami. J’apprécie ton aide. I love you, my friend. I appreciate your help. Te quiero, mi amigo. Aprecio tu ayuda. Eu te amo, meu amigo. Eu agradeço sua ajuda. Un yiwanna we, xɔntɔn ce. Un kpɛ́ alɔ towe. Melɔ̃ , nye xɔ̃. Mekpɔ kpekpeɖeŋu ŋudɔ. Dama bëgg la, sama xarit. Dama fonk sa ndimbal. Mo fẹ́ràn rẹ, ọ̀rẹ́ mi. Mo mọrírì ìrànlọ́wọ́ rẹ. Ahụrụ m gị n’anya, enyi m. Ana m ekele enyemaka gị.
29 Mèsi, se te yon plezi pale avè w. Merci, c’était un plaisir de parler avec toi. Thanks, it was a pleasure talking to you. Gracias, fue un placer hablar contigo. Obrigado, foi um prazer falar com você. Akpé, e nyi nyui dɔ̀ kple we. Akpe, e nye nu nyui ƒo nu kple . Jërëjëf, koon ab mbég la wax ak yow. Ẹ ṣé, ó jẹ́ ìdùnnú láti rẹ sọ̀rọ̀. Daalụ, bụ ihe ọṅụ ịgwa gị okwu.
30 Bòn nuit. Salye fanmi ou pou mwen. Pran swen tèt ou. Bonne nuit. Salue ta famille pour moi. Prends soin de toi. Good night. Say hi to your family. Take care. Buenas noches. Saluda a tu familia de mi parte. Cuídate. Boa noite. Mande um oi para sua família. Cuide-se. zangbé. Ylɔ hennu towe na mi. Kpɔ gbɛ towe. nyuie. Do gbe na ƒome nam. Kpɔ ɖokui ŋu. Fanaan ak jàmm. Nuyu sa waa kër ngir man. Yendu ak jàmm. Ó dàárọ̀. ẹbí rẹ bọ̀ káàbọ̀ fún mi. Máa tọ́jú ara rẹ. Ka chi bọọ. Kele ezinụlọ gị maka m. Lezie anya.