{"id":87,"date":"2021-11-05T13:28:11","date_gmt":"2021-11-05T17:28:11","guid":{"rendered":"https:\/\/creole101.com\/ht\/?p=87"},"modified":"2026-02-20T12:30:16","modified_gmt":"2026-02-20T17:30:16","slug":"fason-pou-byen-li-ak-ekri-kreyol-ayisyen","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/creole101.com\/blog\/ht\/fason-pou-byen-li-ak-ekri-kreyol-ayisyen\/","title":{"rendered":"Fason pou Byen Li ak Ekri Krey\u00f2l Ayisyen"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"has-drop-cap\">Pwononsyasyon lang krey\u00f2l la pap yon gran pwobl\u00e8m pou ou ditou, si w deja konn pale krey\u00f2l, konn li angl\u00e8 oswa yon lang latin. Li pr\u00e8ske ekri tankou fonetik, sa vle di tout son ekri menm jan, san eksepsyon (pr\u00e8ske menm jan ak lang gr\u00e8k e espay\u00f2l.) Pi ba a nou pral w\u00e8 k\u00e8k prensip ak k\u00e8k egzanp pou nou kapab li e ekri krey\u00f2l dlololoy&nbsp;\ud83d\ude2e.<\/p>\n\n\n\n<!--more KONTINYE F\u00c8 LEKTI-->\n\n\n\n<p>&nbsp; .<\/p>\n\n\n\n<ul>\n<li><a href=\"#reg1\">R\u00e8g: Gen Yon siy pou chak son.<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#reg2\">R\u00e8g: Menm siy lan pou menm son an.<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#reg3\">R\u00e8g: Nanpwen l\u00e8t ki b\u00e8b\u00e8.<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#reg4\">R\u00e8g: Chak l\u00e8t rete nan w\u00f2l li.<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#pyej\">K\u00e8k py\u00e8j pou nou evite<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#varyasyon\">Varyasyon<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#aksantegi\">Aksantegi<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#aksan_grav\">Aksan grav oubyen aksan f\u00f2s<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#atik\">Byen pwononse atik defini yo<\/a><\/li>\n<li><a href=\"#siy\">Apostw\u00f2f (&#8216;) ak tir\u00e8 (tr\u00e8 d inyon) (-)<\/a><\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<h6 class=\"wp-block-heading\">Prensip pou w li ak ekri krey\u00f2l byen.<\/h6>\n\n\n\n<p>Genyen kat r\u00e8g fondamantal pou w konnen pou w li krey\u00f2l tr\u00e8 byen. Si w suiv yo, w ap kapab li e kri tout mo krey\u00f2l tr\u00e8 byen&nbsp;\ud83e\udd77<\/p>\n\n\n\n<p>&nbsp; .<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"reg1\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">1. &#8211; R\u00e8g: Gen Yon siy pou chak son.<\/h3>\n\n\n\n<p>An krey\u00f2l gen yon siy pou chak son nou itilize nan lanng lan. Pr\u00e8ske tout siy sa yo nan&nbsp;<a href=\"https:\/\/creole101.com\/ht\/grame1\/alfabe_kreyol\">alfab\u00e8 a<\/a>. Se sak f\u00e8&nbsp;<a href=\"https:\/\/creole101.com\/ht\/grame1\/alfabe_kreyol\">alfab\u00e8 a<\/a>&nbsp;gen 30 l\u00e8t! Donk, nou kapab ekri tout mo krey\u00f2l ak 30 ki nan alfab\u00e8 a. \ud83d\ude2f<\/p>\n\n\n\n<p>Ou pap jwenn egzanp konsa an krey\u00f2l:<\/p>\n\n\n\n<p>Angl\u00e8:&nbsp;baby |&nbsp;bathroom &nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Kote l\u00e8t sa yo &#8220;ba&#8221; pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Frans\u00e8:&nbsp;femme |&nbsp;femelle \ud83d\ude32<\/p>\n\n\n\n<p>Kote l\u00e8t sa yo, &#8220;fe&#8221;, pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"reg2\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">2. &#8211; R\u00e8g: Menm siy lan pou menm son an.<\/h3>\n\n\n\n<p>Si mo yo pwononse menm jan, donk, y ap ekri menm jan an. Ebyen, l\u00e8 sa a mo yo ap omonim: yo ekri menm jan an men yo gen sans diferan.<br \/>Egzanp av\u00e8k mo &#8220;jan&#8221;:<br \/>Fr\u00e8 m lan rele Jan. &#8212; La a &#8220;Jan&#8221; se yon non moun.<br \/>Ki jan de moun li ye? &#8212; La a &#8220;jan&#8221; kapab siyifi &#8220;tip&#8221;.<\/p>\n\n\n\n<p>Egzanp ak mo &#8220;li&#8221;:<br \/>Mo &#8220;li&#8221; a kapab gen yon diz\u00e8n sans.<br \/>Li kapab yon v\u00e8b: Mwen konn&nbsp;li&nbsp;(fr: lire, en: to read, es: leer )<\/p>\n\n\n\n<p>Li kapab yon pwonon p\u00e8son\u00e8l 3\u00e8m p\u00e8s\u00f2n sengilye: Jan malad,&nbsp;li&nbsp;ale lopital. Mari se dokt\u00e8,&nbsp;l&nbsp;ap pran swen Jan.<br \/>(abreje: l; frans\u00e8: il, elle; angl\u00e8: he, she, it; esp\u00e0ny\u00f2l: \u00e9l, ella )<br \/>Konsa li kapab ranplase yon gason, yon fanm, yon b\u00e8t oubyen yon obj\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p>Li kapab yon pwonon obj\u00e8 3\u00e8m p\u00e8s\u00f2n sengilye: Jan di&nbsp;li&nbsp;tout doul\u00e8 li santi.<br \/>(frans\u00e8: lui, le, la; angl\u00e8: him, her, it; esp\u00e0ny\u00f2l: \u00e9l, ella )<\/p>\n\n\n\n<p>E latriye&#8230;<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"reg3\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">3. &#8211; R\u00e8g: Nanpwen l\u00e8t ki b\u00e8b\u00e8.<\/h3>\n\n\n\n<p>Ou dwe pwononse tout l\u00e8t l\u00e8 w ap li krey\u00f2l, pa gen l\u00e8t ki b\u00e8b\u00e8. Sonje,&nbsp;<a href=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/alfabe-lang-kreyol-ayisyen\/\">alfab\u00e8 krey\u00f2l<\/a><a href=\"https:\/\/creole101.com\/ht\/grame1\/alfabe_kreyol\"> la<\/a>&nbsp;gen 32 graf\u00e8m!<br \/>Ou pap jwenn egzanp konsa an krey\u00f2l:<\/p>\n\n\n\n<p>Frans\u00e8: La bouche&nbsp;est pleine&nbsp;| La a, l\u00e8t &#8220;e&#8221; a b\u00e8b\u00e8, yo pa pwononse l.:-\u00b0<br \/>Krey\u00f2l: Bouch li plen. (si w ekri &#8220;bouche&#8221;, ou ekri yon mo ki diferan de bouch)<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"reg4\"><\/a><h4 class=\"wp-block-heading\">4. &#8211; R\u00e8g: Chak l\u00e8t rete nan w\u00f2l li.<\/h4>\n\n\n\n<p>Se pati sa a ki kapab yon pwobl\u00e8m pou k\u00e8k moun: an krey\u00f2l, chak l\u00e8t dwe rete nan w\u00f2l li, oubyen yo dwe kons\u00e8ve son pa yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Egzanp: genyen. \u00c8ske li pwononse &#8220;gen|yen&#8221;? oubyen &#8220;ge|nyen&#8221;?<br \/>Repons lan:&nbsp;Sekr\u00e8&nbsp;<a href=\"javascript:void(0);\">(klike pou w ka w\u00e8 l)<\/a>yo di &#8220;gen|yen&#8221; paske mo a ekri ak 4 l\u00e8t: g|en|y|en<\/p>\n\n\n\n<p>Egzanp: chany. \u00c8ske li pwononse &#8220;chan-y&#8221; (yon silab)? oubyen &#8220;cha|ny&#8221; (2 silab)?<br \/>Repons lan:&nbsp;Sekr\u00e8&nbsp;<a href=\"javascript:void(0);\">(klike pou w ka w\u00e8 l)<\/a>yo di &#8220;chan-y&#8221; (se yon moun ki konn netwaye soulye).<\/p>\n\n\n\n<p>Sonje sa: an krey\u00f2l, yo pa janm f\u00e8 yon silab av\u00e8k yon kons\u00f2n + l\u00e8t &#8220;y&#8221; la:&nbsp;by&nbsp;non, men bi, wi;&nbsp;chy, non, men chi, wi!<\/p>\n\n\n\n<p>Tout kote w w\u00e8 &#8220;y&#8221; yo pa janm pwononse l k\u00f2 &#8220;i&#8221; pou kont li.<br \/>Eseye pwononse mo sa a:<br \/>peny&#8230;&nbsp;Sekr\u00e8&nbsp;<a href=\"javascript:void(0);\">(klike pou w ka w\u00e8 l)<\/a>&#8220;pen-y&#8221; (yon silab; yon obj\u00e8 pou demele cheve, penyen t\u00e8t) e non &#8220;pe|ni&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Egzanp: cheni. \u00c8ske li pwononse &#8220;chen|i&#8221;? oubyen &#8220;che|ni&#8221;?<br \/>Repons lan:&nbsp;Sekr\u00e8&nbsp;<a href=\"javascript:void(0);\">(klike pou w ka w\u00e8 l)<\/a>yo di &#8220;che|ni&#8221; (se yon ens\u00e8k ki pral tounen papiyon).<\/p>\n\n\n\n<p>Devan tout vway\u00e8l yo, eksepte demi-vway\u00e8l &#8220;y&#8221; ak &#8220;w&#8221;, yo toujou itilize &#8220;an&#8221;, &#8220;en&#8221;, &#8220;on&#8221; tankou 2 l\u00e8t. An krey\u00f2l, yo pa janm f\u00e8 yon silab av\u00e8k yon kons\u00f2n + l\u00e8t &#8220;y&#8221; la.<br \/>Se sa k f\u00e8 yo pwononse &#8220;p\u00e8son\u00e8l&#8221; [p\u00e8|so|n\u00e8l] e non &#8220;p\u00e8|son|\u00e8l&#8221;.<br \/>E yo pwononse bon\u00e8 &#8220;bo|n\u00e8 e non &#8220;bon|\u00e8&#8221;<br \/>Men yo di: &#8220;anyen&#8221; [an|yen] e non [a|nyen]<br \/>&#8220;many\u00e8&#8221; = [man|y\u00e8]; &#8220;m\u00e0ny\u00e8&#8221; = [m\u00e0|ny\u00e8]<br \/>Em\u00e0ny\u00e8l e non&nbsp;Emany\u00e8l<br \/>E latriye&#8230;<\/p>\n\n\n\n<p><a href=\"http:\/\/novasyon.com\/ht\/pwoveb.php?pht=92\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\"><\/a>D\u00e8y\u00e8 m\u00f2n gen m\u00f2n<\/p>\n\n\n\n<p><img decoding=\"async\" width=\"6000\" height=\"3722\" class=\"wp-image-336\" style=\"width: 6000px;\" src=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/01\/haiti-5477656_640.jpg\" alt=\"Dlo M\u00f2n\" srcset=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/01\/haiti-5477656_640.jpg 640w, https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/01\/haiti-5477656_640-300x186.jpg 300w, https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/01\/haiti-5477656_640-480x298.jpg 480w\" sizes=\"(max-width: 6000px) 100vw, 6000px\" \/><br \/><\/p>\n\n\n\n<a id=\"pyej\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">5. &#8211; K\u00e8k py\u00e8j pou nou evite<\/h3>\n\n\n\n<p>Li ap bon anpil pou w sonje pwen ki vin piba yo (sitou pou moun ki abitye li frans\u00e8):<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>AN<\/strong>\u00a0ak\u00a0<strong>\u00c0N<\/strong>\u00a0&#8211; Sonje sa a: &#8220;an&#8221; se yon l\u00e8t tandiske &#8220;\u00e0n&#8221; se de l\u00e8t (\u00e0 (a aksan f\u00f2s) ak n). Gen diferans ant &#8220;dan&#8221; (moun genyen plizy\u00e8 nan bouch yo) ak &#8220;D\u00e0n&#8221; (Gen fi ki rele D\u00e0n).<\/li>\n\n\n\n<li><strong>E<\/strong>\u00a0&#8211; e toujou pwononse ak bouch ouv\u00e8 (tankou &#8220;\u00e9&#8221; an frans\u00e8) Egzanp: lave (netwaye ak dlo); mache (deplase&#8230;)<\/li>\n\n\n\n<li><strong>EN<\/strong>\u00a0ak\u00a0<strong>\u00c8N<\/strong>\u00a0&#8211; Sonje sa a: &#8220;en&#8221; se yon l\u00e8t tandiske &#8220;\u00e8n&#8221; se de l\u00e8t (\u00e8 ak n). Gen diferans ant &#8220;ren&#8221; (ki ka siyifi senti) ak &#8220;r\u00e8n&#8221; (madanm yon wa).<br \/>L\u00f2t mo difisil: lane [la-ne]; manyen [man-yen] &#8211; many\u00e8 [man-y\u00e8] &#8211; m\u00e0nye [m\u00e0-nye] &#8211; m\u00e0ny\u00e8 [m\u00e0-ny\u00e8]; anyen [an-yen]; genyen [gen-yen]; mennen [men-nen]&#8230;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>G<\/strong>\u00a0&#8211; <strong>g<\/strong> toujou pwononse yon fason ki &#8220;di&#8221;, tankou nan gason. Egzanp:\u00a0g\u00e8\u00a0(frans\u00e8 &#8220;gu\u00e8&#8221;, se pa\u00a0j\u00e8) &#8211; laj\u00e8; figi\u00a0(frans\u00e8: figui, se pa\u00a0fiji) &#8211; ajil.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>J<\/strong>\u00a0&#8211; <strong>j<\/strong> pa janm pwononse tankou l gen yon son &#8220;d&#8221; devan l. Si w ap ekri mo frans\u00e8 &#8220;<em>jazz<\/em>&#8220;, w ap ekri &#8220;djaz&#8221; e non\u00a0jaz.<br \/>Si w ap ekri mo angl\u00e8 &#8220;<em>job<\/em>&#8221; (travay), w ap ekri l dj\u00f2b e non\u00a0j\u00f2b. (Anf\u00e8t, si w ekri l d\u00e8nye fason an, se yon l\u00f2t son ou ekri. Apwopo, J\u00f2b se non yon moun, li pa vle di travay.)<\/li>\n\n\n\n<li><strong>IN<\/strong>\u00a0&#8211; Sonje sa: &#8220;in&#8221; se de (2) l\u00e8t, li pa janm pwononse k\u00f2m l\u00e8t &#8220;en&#8221;. Yo di machin &#8220;ma|chi n&#8221; e non\u00a0machen&#8230;.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>R<\/strong>\u00a0ak\u00a0<strong>W<\/strong>\u00a0&#8211; yo pa janmm mete r devan o, \u00f2, on, ou ak oun. Men yo toujou mete w de preferans. (An reyalite, si w ta mete r devan yo, yo t ap bay pr\u00e8ske menm son an&#8230; men sa se yon fot an krey\u00f2l). Yo ekri pwobl\u00e8m e non\u00a0probl\u00e8m; pwofes\u00e8 e non\u00a0profes\u00e8.<br \/>Yo pa janm mete &#8220;r&#8221; devan &#8220;w&#8221;. Yo ekri: wa e non\u00a0rwa; tw\u00f2p e non\u00a0trw\u00f2p&#8230;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>X<\/strong>\u00a0&#8211; An krey\u00f2l pa gen l\u00e8t &#8220;x&#8221;. Nou kapab f\u00e8 tout pr\u00e8ske tout son &#8220;x&#8221; (frans\u00e8, oubyen angl\u00e8) ak &#8220;sk&#8221; oubyen ak &#8220;gz&#8221;. Yo pa di &#8220;explikasyon&#8221; men yo ekri &#8220;eksplikasyon&#8221;; yo pa ekri &#8220;<s>extra\u00f2din\u00e8<\/s>&#8221; men yo ekri &#8220;ekstra\u00f2din\u00e8&#8221;&#8221;; yo pa ekri &#8220;<s>exanp<\/s>&#8221; men yo ekri &#8220;egzanp&#8221;.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Y ak I\u00a0<\/strong>&#8211; An krey\u00f2l Se s\u00e8lman \u201cy\u201d yo itilize devan yon vway\u00e8l, men yo pa janm itilize \u201ci\u201d. Egzanp: marye e non\u00a0<s>marie<\/s>.<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"varyasyon\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">6. &#8211; Varyasyon<\/h3>\n\n\n\n<p>An krey\u00f2l gen anpil varyasyon nan mo yo. Gen varyasyon l\u00e8 ke pou yon menm bagay, yon kons\u00e8p ou yon ide yo ekri yon mo deferan fason tou depan de nan ki z\u00f2n yon moun soti Ayiti, oubyen antouraj moun lan. Donk, varyasyon yo ekri e pwononse yon ti jan diferan, men yo gen menm sans lan e yo k\u00f2r\u00e8k gramatikalman.<br \/><strong><u>K\u00e8k varyasyon:<\/u><\/strong><br \/>Sem\u00e8n ak semenn, lanng ak lang; goch, g\u00f2ch; j\u00f3n ak j\u00f2n; anviw\u00f3nman ak anviw\u00f2nman; mond ak monn; frans\u00e8 ak franse; angl\u00e8 ak angle; esp\u00e0ny\u00f2l ak espay\u00f2l; ch\u00e8n ak chenn, p\u00e0nye ak panyen (p\u00e0nye (pwononse k\u00f2m frans\u00e8 &#8220;panier&#8221;) panyen), v\u00e8r ak v\u00e8t&#8230; e latriye. Yo chak gen yon ti varyason nan pwononsyasyon yo.<br \/>A pwopo, Novasyon ankouraje w pou w itilize tout pwononsyasyon ki vin an premye yo&nbsp;<img decoding=\"async\" src=\"http:\/\/www.novasyon.com\/images\/smileys\/huh.png\" alt=\"huh.png\"\/>&nbsp; .<\/p>\n\n\n\n<p><a href=\"https:\/\/creole101.com\/ht\/grame1\/aksantegi\"><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"aksntegi\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">7. &#8211; Aksantegi [<strong>\u00b4<\/strong>]<\/h3>\n\n\n\n<p>Pet\u00e8t yon l\u00e8 yo pa t panse ke yo t ap bezwen aksantegi (&#8220;\u00e9&#8221; oubyen &#8220;\u00f3&#8221;) nan lang krey\u00f2l la nan ane 1990 yo. Men yo itilize aksantegi sou de l\u00e8t sa yo k\u00f2r\u00e8kteman nan anpil bonjan ouvraj.<br \/>Aksantegi a f\u00e8 nou kapab di &#8220;<strong>j\u00f3n<\/strong>&#8221; (ki pwononse menm jan ak &#8220;jaune&#8221; frans\u00e8 a), e nou pa oblije ekri &#8220;j\u00f2n&#8221;.<br \/>Nou ka di &#8220;<strong>\u00e9nmi<\/strong>&#8221; si nou pa vle di &#8220;\u00e8nmi&#8221; (toulede byen ekri, gen moun ki pwononse yo diferan). Nou ka ki &#8220;<strong>Am\u00f3n<\/strong>&#8220;. Nou ka di &#8220;<strong>ev\u00e9nman<\/strong>&#8220;, nou pa oblije ekri &#8220;ev\u00e8nman&#8221; si se &#8220;<strong>ev\u00e9nman<\/strong>&#8221; nou vle di (toulede byen ekri, gen moun ki pwononse yo diferamman).<br \/>(An reyalite, se konsa anpil moun P\u00f2toprens pale (\u00a0<a href=\"https:\/\/emojipedia.org\/baby-angel\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">\ud83d\udc7c<\/a>\u00a0 pa gen okenn diskrimasyon la a); poukisa pou yo oblije ekri &#8220;\u00f2&#8221; l\u00e8 ke nou ap di &#8220;o&#8221; kouramman? Se aksantegi a ki p\u00e8m\u00e8t nou ekri son yo.)<\/p>\n\n\n\n<p>Li toujou bon pou w ekri aksan yo k\u00f2r\u00e8kteman. Men, k\u00f2man pou m f\u00e8 jwenn li nan yon klavye \u00f2dinat\u00e8?<br \/>\u00f3 = Alt+162. Sa vle di (<em><u>Byen senp<\/u><\/em>): peze e kenbe bouton &#8220;Alt&#8221; a e tape 1, 6, 2 nan pati nimerik la.<br \/>(Plis detay)\u00a0Sekr\u00e8\u00a0<a href=\"javascript:void(0);\">(klike pou w ka w\u00e8 l)<\/a>Sa vle di peze bouton &#8220;Alt&#8221; la ak anil\u00e8 men goch la toutpandan w ap peze 1, 2 3 youn apre l\u00f2t nan pati adwat klavye a (bouton nimerik yo). Non, ou pap ka f\u00e8 l ak bouton anl\u00e8 t\u00e8t l\u00e8t yo.) Rasire w ke bouton &#8220;Num Lk&#8221; (Number Lock) la aktive (ti limy\u00e8 l la dwe limen; peze bouton &#8220;Num Lk&#8221; la, pou w aktive l oubyen dezaktive l). Si w ap itilize yon \u00f2dinat\u00e8 p\u00f2tatif (&#8220;Notebook ou Laptop&#8221;), pet\u00e8t ou dwe peze bouton &#8220;Fn&#8221; (fonksyon) an tou, l\u00e8 sa a w ap jwenn bouton 1, 2 ak 3 a sou respektivman j, k ak l.)<br \/><strong>\u00f3<\/strong> = Alt+162 (ou Fn+Alt+162 pou \u00f2dinat\u00e8 p\u00f2tatif)<br \/><strong>\u00d3<\/strong> = Alt+0211<br \/><strong>\u00e9<\/strong> = Alt+130<br \/><strong>\u00c9<\/strong> = Alt+0201<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"aksan_grav\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">8. &#8211; Aksan grav oubyen aksan f\u00f2s [`]<\/h3>\n\n\n\n<p>Yo mete aksan f\u00f2s sou a, e ak o devan n pou nou kapab pwononse yo separeman k\u00f2m 2 l\u00e8t, l\u00e8 nou pa vle pwononse yo respektivman k\u00f2m an, en ou on.<br \/>Yo di Antw\u00e0n (non yon gason) diferan ak antwan. &#8220;\u00c0n&#8221; (non yon fi: Manman l rele \u00c0n) diferan ak &#8220;an&#8221; (atik defini: Li manje pen an).<\/p>\n\n\n\n<p><strong>\u00e0<\/strong> = Alt+133 (ou Fn+Alt+133 pou \u00f2dinat\u00e8 p\u00f2tatif) Pou plis detay, gade pi wo a nan &#8220;Aksantegi&#8221;.<br \/><strong>\u00c0<\/strong> = Alt+0192<br \/><strong>\u00e8<\/strong> = Alt+138<br \/><strong>\u00c8<\/strong> = Alt+0200<br \/><strong>\u00f2<\/strong> = Alt+149<br \/><strong>\u00d2<\/strong> = Alt+0210<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"atik\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\">9. &#8211; Byen pwononse atik defini yo <\/h3>\n\n\n\n<p>Anpil moun, l\u00e8 y ap li krey\u00f2l, pwononse l mo apre mo, konsa yo pa bay fraz yo sans yo e yo kapab p\u00e8di sans fraz yo oubyen yo trebiche plizy\u00e8 fwa sou yo\u00a0<a href=\"https:\/\/emojipedia.org\/star-struck\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">\ud83e\udd29<\/a>\u00a0. Anpil fwa se ak atik defini yo yo gen pwobl\u00e8m.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Men atik defini yo<\/strong>: <strong>la<\/strong> (ki se atik debaz la), li chanje ou varye an &#8220;<strong>a, an, lan, nan<\/strong>&#8221; selon son ki vin avan li a.<br \/>Nou w\u00e8 atik defini an plase apre non li det\u00e8mine a. Li kapab pran div\u00e8s f\u00f2m dapr\u00e8 d\u00e8nye son ki nan mo li det\u00e8mine a.<\/p>\n\n\n\n<p>&#8220;<strong>La<\/strong>&#8221; apre yon kons\u00f2n oral: b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w.<br \/>Egzanp : Kay la, sol\u00e8y la, sik la.<\/p>\n\n\n\n<p>&#8220;<strong>A<\/strong>&#8221; apre yon vway\u00e8l oral: a, e, \u00e8, i, o, \u00f2, ou; e apre ui tou.<br \/>Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a<\/p>\n\n\n\n<p>&#8220;<strong>Nan<\/strong>&#8221; oubyen &#8220;<strong>lan<\/strong>&#8221; apre yon kons\u00f2n nazal (m, n, ng). Egzanp: chanm nan, kann nan<\/p>\n\n\n\n<p>&#8220;<strong>An<\/strong>&#8221; apre yon vway\u00e8l nazal (an, en, on, oun). Egzanp : pen an, ban an, pon an<br \/>Nan fraz:\u00a0<em>Paw\u00f2l Jewova a di<\/em>. Nou ap di &#8220;Je|wo|va a&#8221; (3 silab, d\u00e8nye silab la ap pi long) e non &#8220;Je|wo|va| a&#8221; e non 4 silab.<\/p>\n\n\n\n<p><a><\/a><\/p>\n\n\n\n<a id=\"siy\"><\/a><h3 class=\"wp-block-heading\"><strong>10. &#8211; Apostw\u00f2f (&#8216;) ak tir\u00e8 (tr\u00e8 d inyon) (-)<\/strong><\/h3>\n\n\n\n<p>Anpil lenguis antann yo pou dak\u00f2 li pa neses\u00e8 pou s\u00e8vi ak tir\u00e8 ni apostw\u00f2f nan mitan de mo oswa pou f\u00e8 kontraksyon. Eksepte pou tir\u00e8 ki kab s\u00e8vi espesyalman pou koupe yon mo ki nan bout yon liy ki fini <a href=\"https:\/\/creole101.com\/ht\/app\/emoji.php?emoji=1F603\">\ud83d\ude03<\/a>.<br \/>Li pa neses\u00e8 pou w mete apostw\u00f2f apr\u00e8 kontraksyon pwonon p\u00e8son\u00e8l yo (mwen &#8211; m, ou &#8211; w, li &#8211; l, nou &#8211; n ak yo &#8211; y).<br \/>Pa ekri &#8220;machan-n&#8221;; ekri pito &#8220;machann&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Pa ekri &#8220;<s>ba li&#8217;l<\/s>&#8220;; ekri pito &#8220;ba li l&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Pa ekri &#8220;<s>antan-n<\/s>&#8220;; ekri pito &#8220;antann&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Pa ekri &#8220;<s>pou&#8217;w<\/s>&#8220;; ekri pito &#8220;pou w&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Nan menm ide a, sonje pou nou pa kole mo ki f\u00e8 kontraksyon yo, konsa fraz la ap pi kl\u00e8:<br \/>pa ekri &#8220;<s>M pat al lavil y\u00e8<\/s>&#8221; ou &#8220;<s>M pa&#8217;t al lavil y\u00e8<\/s>&#8220;; ekri pito &#8220;M pa t al lavil y\u00e8&#8221;<\/p>\n\n\n\n<p>Nou pa oblije mete apostw\u00f2f (&#8216;) nan kontraksyon v\u00e8b sa yo <strong>Ale -> al<\/strong>: Melani t al[e] lavil y\u00e8 maten. Bay -><strong> ba\/ban<\/strong> : Bay kou bliye \/ Ban m 2 goud \/ Ba li af\u00e8 l. <strong>Kapab -> ka\/kab<\/strong>: Yo ka[pab\/kab] kouri anpil. <strong>Konnen -> konn<\/strong>: \u00c8ske ou konn[en] moun sa a? <strong>Gade -> gad<\/strong>: Gad[e] jan misye ch\u00e8lb\u00e8. <strong>Genyen -> gen<\/strong>: Jera gen[yen] anpil tan pou sa. <strong>Mete -> met<\/strong>: Met[e] rad sou ou, li f\u00e8 fr\u00e8t. <strong>Pote -> pot<\/strong>: Pot[e] komisyon an demen maten. <strong>Rete -> ret<\/strong>: Moun sa yo ret[e] Okap. <strong>Soti -> sot<\/strong>: Sot[i] k\u00f2 w la! Vini -> vin: Jak vin[i] pran sa ki te pou li a.<\/p>\n\n\n\n<pre class=\"wp-block-verse\"><a href=\"https:\/\/creole101.com\">Creole101<\/a> ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi kl\u00e8, sitou mo ki ka gen plizy\u00e8 sans.<br \/>Pa ekri \"<strong>M on ti jan f\u00e8b<\/strong>\"; ekri pito \"M 'on ti jan f\u00e8b\", oubyen ekri l san kontraksyon \"M yon ti jan f\u00e8b\".<br \/>Pa ekri: \"<s>E pa ou m te w\u00e8 la a?<\/s>; Ekri pito: \" 'E pa ou m te w\u00e8 la a?\" ou \"Se pa ou m te w\u00e8 la a?<br \/>...Novasyon ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi kl\u00e8<br \/>Pa ekri \"<s>M on ti jan f\u00e8b<\/s>\"; ekri pito \"M 'on ti jan f\u00e8b\", oubyen ekri l san kontraksyon \"M yon ti jan f\u00e8b\". Pa ekri \"E pa ou m te w\u00e8 la a?\"; ekri pito \"'E pa ou m te w\u00e8 la a?\", oubyen ekri l san kontraksyon \"Se pa ou m te w\u00e8 la a?\"<\/pre>\n\n\n\n<p>Byen li ak ekri krey\u00f2l ayisyen se pa s\u00e8lman yon kesyon teknik; se yon kesyon resp\u00e8 pou lang nou ak kilti nou. L\u00e8 nou ekri krey\u00f2l k\u00f2r\u00e8kteman, nou rann li pi f\u00f2, pi kl\u00e8, epi pi pwofesyon\u00e8l sou plan nasyonal ak ent\u00e8nasyonal. Krey\u00f2l se pa yon lang \u201coral s\u00e8lman\u201d \u2014 li se yon lang konpl\u00e8, ki gen r\u00e8g, estrikti, ak rich\u00e8s liter\u00e8. Epi li pa difisil, sa ap pran s\u00e8lman k\u00e8lke \u00e8dtan pou w pratike lekti. Se responsablite nou pou n metrize li, itilize li byen, epi transm\u00e8t li bay jenerasyon k ap vini yo ak fy\u00e8te. \ud83c\udf1f\ud83d\ude01<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Anpil moun pale krey\u00f2l men yo pa metrize lekti ak ekriti. Gid sa a bay teknik senp pou amelyore konpreyansyon, \u00f2tograf, ak kapasite pou ekri krey\u00f2l av\u00e8k presizyon.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":348,"comment_status":"open","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"products":"","jnews-multi-image_gallery":[],"jnews_single_post":{"format":"standard"},"jnews_primary_category":[],"jnews_food_recipe":[],"enable_food_recipe":"","food_recipe_title":"","food_recipe_description":"","food_recipe_serve":"","food_recipe_time":"","food_recipe_prep":"","food_recipe_level":"","food_recipe_keywords":"","food_recipe_category":"","food_recipe_cuisine":"","food_recipe_yield":"","food_recipe_calories":"","enable_print_recipe":"","ingredient":[],"instruction":"","jnews_social_meta":[],"jnews_review":[],"enable_review":"","type":"","name":"","summary":"","brand":"","sku":"","good":[],"bad":[],"score_override":"","override_value":"","rating":[],"price":[],"jnews_override_counter":[],"jnews_post_split":[],"footnotes":""},"categories":[46,172,26],"tags":[1111,1114,199,1117,1120],"class_list":["post-87","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-grame","category-ayiti","category-ht","tag-ekri-ht","tag-kreyol-ayisyen-ht","tag-lang-kreyol","tag-lekti-ht","tag-pwononsyasyon-ht"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/87","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=87"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/87\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":100851,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/87\/revisions\/100851"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/media\/348"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=87"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=87"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=87"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}