{"id":15435,"date":"2022-02-06T22:14:39","date_gmt":"2022-02-07T03:14:39","guid":{"rendered":"https:\/\/creole101.com\/blog\/?p=15435"},"modified":"2022-02-14T17:23:33","modified_gmt":"2022-02-14T22:23:33","slug":"konparezon-jwet-timoun-avantaj-enkonvenyan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/creole101.com\/blog\/ht\/konparezon-jwet-timoun-avantaj-enkonvenyan\/","title":{"rendered":"Jw\u00e8t timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonv\u00e9nyan"},"content":{"rendered":"\n<p>F\u00e8 jw\u00e8t gen yon kokenchenn enp\u00f2tans nan devlopman timoun. Syantifikman palan, jwe pa s\u00e8lman gen benefis fizik, men tou li ofri anpil byenf\u00e8 emosyon\u00e8l, kognitif ak sosyal. Chanjman nan sosyete akty\u00e8l la bay gwo k\u00e8 sote \ud83d\ude33 sou lwazi timoun nou yo. Tan yo te konn pase ap jwe dey\u00f2 ap diminye, sa vin lakoz timoun yo vin pi solit\u00e8 epi dekonekte ak mond natir\u00e8l la.  Nan atik anvan yo, nou te site yon pak\u00e8t kalte jw\u00e8t ki te konn f\u00e8t ep\u00f2k pase yo.&nbsp; Koulye a &nbsp;n ap konkli pasy\u00e8lman sou jw\u00e8t yo pandan ke n ap analize tout avantaj ak enkonv\u00e9nyan jw\u00e8t timoun tan lontan yo te bay konparativman ak pastan oswa disktraksyon timoun jounen jodi yo. N ap analize tout enp\u00f2tans diferan tip jw\u00e8t sa yo genyen sou timoum, toutpandan n ap konsidere 2 pwen apr\u00e8 yo ki enp\u00f2tan anpil:<\/p>\n\n\n\n<!--more-->\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\"><li>I- Apw\u00f2ch syantifik sou byenf\u00e8 jw\u00e8t timoun yo te konn f\u00e8 nan tan lontan yo, epi<\/li><li>II- Konparezon ak jw\u00e8t elektwonik mod\u00e8n yo.<\/li><\/ul>\n\n\n\n<div class=\"wp-block-image is-style-default\"><figure class=\"aligncenter size-full\"><img decoding=\"async\" src=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/02\/timoun-yo-kontan.jpg\" alt=\"Timoun ap f\u00e8 jw\u00e8t, yo kontan\" class=\"wp-image-15544\"\/><figcaption>Yon ekip timoun k ap pase tan ansanm<\/figcaption><\/figure><\/div>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-i-apwoch-syantifik-sou-byenfe-jwet-timoun-yo-te-konn-fe-nan-tan-lontan-yo\">I &#8211; Apw\u00f2ch syantifik sou byenf\u00e8 jw\u00e8t timoun yo te konn f\u00e8 nan tan lontan yo<\/h2>\n\n\n\n<p>Anpil aktivite moun ap mennen konn pote bon bagay oswa move bagay nan lavi l. Youn nan fason yo verifye sa se l\u00e8 yo etidye rezilta bagay sa pote sou plan syantifik.&nbsp; Ann gade 2 bagay nou ka di byenf\u00e8 kalte jw\u00e8t timoun nan tan lontan yo te pote epi kontinye pote nan lavi moun: ent\u00e8raksyon youn l\u00f2t oswa t\u00e8t ansanm epi devloplman fizik ak ent\u00e8lekty\u00e8l. Ann f&#8217;on ti pale sou chak pwen asp\u00e8 sa yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-jwet-ki-ankouraje-tet-ansanm-enteraksyon-kolektif-ak-espri-dekip\">Jw\u00e8t ki ankouraje t\u00e8t ansanm, ent\u00e8raksyon kolektif ak espri dekip<\/h3>\n\n\n\n<p>Majorite jw\u00e8t yo te konn f\u00e8 nan \u00e8p\u00f2k tan lontan yo te egzije yon ent\u00e8raksyon kolektif. Sa vle di yon timoun te souvan bezwen yon l\u00f2t timoun pou aplike epi jwi byenf\u00e8 jw\u00e8t sa yo. Sa ka gen ladan l k\u00e8lkeswa kategori jw\u00e8t la, tankou: jw\u00e8t ki jwe at\u00e8 ak men, div\u00e8tisman ki f\u00e8t ak yon jw\u00e8t nan men, distraksyon ki gen anpil deplasman, pastan ant bon zanmi, lwazi ki gen kontak men ak men, jw\u00e8t ki f\u00e8t ak paw\u00f2l, elatriye.<\/p>\n\n\n\n<p>Devlopman kalte jw\u00e8t ki gen rap\u00f2 kolektif sa yo te rezilta lavi sosyal nan t\u00e8t ansanm ki te genyen. Epi yo te p\u00e8m\u00e8t timoun yo kenbe amoni sa a e grandi nan viv ansanm nan tou. Se pa paske timoun pa t konn fache youn ak l\u00f2t. Okontr\u00e8, yo te pi souvan jwenn okazyon pou yo fache. Men la a ank\u00f2, selon tranch laj yo, yo te konn itilize yon senb\u00f2l ki di youn fache ak l\u00f2t. Pa egzanp, l\u00e8 yo kwaze orikil\u00e8 (ti dw\u00e8t ki pipiti a) youn ak pa l\u00f2t, sa vle di: \u201cM fache av\u00e8 w.\u201d \ud83d\ude12 Men l\u00e8 pou yo rebyen, yo kwaze dw\u00e8t end\u00e8ks yo (dw\u00e8t ki vin apre lepous la) youn ak pa l\u00f2t, sa vle di: \u201cM byen av\u00e8 w!\u201d\ud83d\ude01<\/p>\n\n\n\n<p>Sa pa vle di tou pa t gen jw\u00e8t nou ka konsidere k\u00f2m div\u00e8tisman p\u00e8son\u00e8l, endividy\u00e8l oswa solit\u00e8. Si nou pran yon seri de jw\u00e8t tankou: <span style=\"text-decoration: underline;\">woule s\u00e8k<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">jwe ralba<\/span> ak <span style=\"text-decoration: underline;\">f\u00e8 machin<\/span> se lwazi timoun ka f\u00e8 poukont yo. Men devlopman sosyal viv ansanm nan te t\u00e8lman gen f\u00f2s, li te pi fasil pou jwenn plizy\u00e8 timoun ap kouri d\u00e8y\u00e8 timoun k ap woule s\u00e8k la yon fason l\u00e8 l p\u00e8di, pou se kout pa yon l\u00f2t, oubyen chak timoun ak s\u00e8k pa yo ap <span style=\"text-decoration: underline;\">f\u00e8 kous s\u00e8k<\/span>. E se menm bagay la pou l\u00f2t tip jw\u00e8t nou te pale yo tou, tankou jwe ralba. Li te difisil pou jwenn yon timoun ap jwe ralba san li pa gen k\u00e8k l\u00f2t ki te swa ap tann pou l f\u00e8 tikout, swa ap f\u00e8 koule ak ralba. Se pa nan jw\u00e8t sa yo s\u00e8lman.<\/p>\n\n\n\n<p>Nou jwenn rap\u00f2 sa tou nan l\u00f2t aktivite tou. Ti kote bagay la konn gate pafwa, pou sila ki te pi gran yo, k\u00f2m se te ep\u00f2k l\u00e8 ti gason ap file tifi, yo te konn renmen voye <span style=\"text-decoration: underline;\">b\u00e8l l\u00e8t damou<\/span> bay tifi a, l\u00e8 yon tin\u00e8g f\u00e8 anpil fot nan yon l\u00e8t li voye bay yon tifanm, sitou si ti n\u00e8g\u00e8s sa pa renmen tinonm nan, monch\u00e8 oh! \ud83e\udd7a&#8230; tout tij\u00e8n k ap <span style=\"text-decoration: underline;\">sote k\u00f2d<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">f\u00e8 wonn<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">jwe mar\u00e8l<\/span> yo gentan konnen konbyen mak plim wouj ki nan l\u00e8t sa a. Se pout\u00e8t sa, anpil ti gason te pito bay yon l\u00f2t ki pi f\u00f2 ekri yon l\u00e8t damou pou li. (N ap retounen sou koze sa a l\u00e8 n ap pale sou kilti). Ann gade kounye a l\u00f2t tip byenf\u00e8 nou ka tire nan jw\u00e8t yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-devlopman-fizik-ak-entelektyel\">Devlopman fizik ak ent\u00e8lekty\u00e8l<\/h3>\n\n\n\n<p>Yon nan bagay ki garanti kwasans yon timon se mouvman. Kidonk, ou pa ka pale de devlopman fizik yon timoun san ou pa konsidere aktivite fizik li ap f\u00e8. Konsa, l\u00e8 yon timoun nan yon anviw\u00f3nman kote aktivite ki f\u00e8 lwazi li gen anpil mouvman menm jan ak ep\u00f2k sa yo, sa garanti devlopman timoun sa a. Timoun ep\u00f2k pase yo te konn jwi sa anpil nan div\u00e8s kalte jw\u00e8t yo te konn f\u00e8 yo. Epi, se pa t yon bagay ki te konn f\u00e8t okazyon\u00e8lman, se te pito m\u00e0ny\u00e8 yo te konn viv. Sa ki f\u00e8 sikolojikman devlopman k\u00f2 yo te byen mache ak jw\u00e8t sa yo. Ann gade avantaj k\u00e8k jw\u00e8t te bay.<\/p>\n\n\n\n<p>Pa egzanp, yon timoun k ap<span style=\"text-decoration: underline;\"> f\u00e8 lago<\/span> ki rive nan <span style=\"text-decoration: underline;\">deli<\/span>, k ap <span style=\"text-decoration: underline;\">jwe boul<\/span>, k ap <span style=\"text-decoration: underline;\">f\u00e8 kous<\/span>, ap devlope yon k\u00f2 esp\u00f2tif \ud83d\udcaa, k ap ede l nan sante l ak sou plan emosyon\u00e8l. Yon timoun k ap <span style=\"text-decoration: underline;\">f\u00e8 wonn<\/span> tankou <span style=\"text-decoration: underline;\">L\u00e8zonyon vire fas e do<\/span>, <a href=\"#\">Louloup louloup<\/a>, <span style=\"text-decoration: underline;\">sote k\u00f2d<\/span> ak yon dividal l\u00f2t ank\u00f2 ap devlope bon kalte refl\u00e8ks ak ekilib fizik. An jeneral, aprantisaj, konpreyansyon ak devlopman ent\u00e8lijans vini pi fasil nan pratik. Anpil nan aktivite timoun dantan yo montre kijan yo te pwofitab ent\u00e8lekty\u00e8lman pou yo. Epi rezilta yo par\u00e8t byen kl\u00e8, malgre se pa t yon tan ki te ase devlope menm jan ak koulye a. Anpil ladan yo te nesesite kreyativite, sa vle di yon lespri kreyatif. Annou pran k\u00e8k egzanp.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" type=\"a\"><li><span style=\"text-decoration: underline;\">Atansyon nimewo en<\/span> (1): se yon div\u00e8tisman ki mande anpil kapasite fizik ak bon sans<\/li><li><span style=\"text-decoration: underline;\">F\u00e8 kabw\u00e8t<\/span> epi kondui l: pa gen dout ke yon timoun ki f\u00e8 yon kabw\u00e8t sou wout pou l te vin yon mekanisyen. E lage yon kabw\u00e8t nan t\u00e8t yon m\u00f2n pou l t ap kouri desann te pwofitab pou l te f\u00e8 timoun ki t ap kondui a devlope atitid yon chof\u00e8 moto e menm devlope aptitid yon chof\u00e8 machin.<\/li><li><span style=\"text-decoration: underline;\">F\u00e8 ti machin<\/span> an t\u00f2l ak bwat alim\u00e8t oswa ak po Juna; fabrike radyo ak vantilat\u00e8 apati de yon ti mot\u00e8 granmoun pa t bezwen ank\u00f2; <span style=\"text-decoration: underline;\">kreye fanal<\/span>&#8230; bagay sa yo te fasilte kapasite kreyasyon evolye. Si n t ap analize plis, nou ta ka jwenn plis avantaj oswa byenf\u00e8 nan jw\u00e8t sa yo.<\/li><\/ol>\n\n\n\n<p>Anbyans lwazi sa yo te favorab pou f\u00e8 timoun yo vin yon ekip jeni! \ud83d\udc4d\ud83d\udc4c Al\u00e8kile, lemonn antye t ap mete chapo ba devan yo, si yo te jwenn ankadreman ki n\u00e8ses\u00e8. Majorite jw\u00e8t yo pa t ekspoze lespri timoun sa yo a bagay ki depase laj yo pou yo te al f\u00e8 sa ki malon\u00e8t. Se te anpil div\u00e8tisman ki te mete yo nan yon anviw\u00f3nman ki te garanti syantifikman devlopman fizik e ent\u00e8lekty\u00e8l yo epi favorize r\u00e0p\u00f2 kolektif. Ann pale kounye a sou pastan nan ep\u00f2k mod\u00e8n nan.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-ii-konparezon-ak-jwet-elektwonik-moden-yo\">II- Konparezon ak jw\u00e8t elektwonik mod\u00e8n yo<\/h2>\n\n\n\n<p>Li pa t ap f\u00e8 okenn sans pou yon moun ta panse tout f\u00f2m jw\u00e8t timoun nan tan pase yo t ap rete menm jan aprepr\u00e8 anviwon 40 lane apre. Piske moun yo ap evolye, li n\u00f2mal pou sa ki te konn f\u00e8 distraksyon yo sibi yon chanjman tou. Epi, pa gen anyen mal nan sa si evolisyon sa yo p\u00e8m\u00e8t gen plezi yo oswa bon bagay nan lavi tinoun yo.<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-jetpack-image-compare\"><div class=\"juxtapose\" data-mode=\"horizontal\"><img decoding=\"async\" id=\"15545\" src=\"https:\/\/i2.wp.com\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/02\/sote-kod-fi-gason.jpg?ssl=1\" alt=\"\" width=\"640\" height=\"425\" class=\"image-compare__image-before\"\/><img decoding=\"async\" id=\"15548\" src=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/02\/yon-jen-ak-telefon.jpg\" alt=\"\" width=\"640\" height=\"426\" class=\"image-compare__image-after\"\/><\/div><figcaption>Jw\u00e8t sote k\u00f2d tan lontan | Jw\u00e8t anliy nan telef\u00f2n ep\u00f2k nou an<\/figcaption><\/figure>\n\n\n\n<p>Jodi a, timoun plis jwenn div\u00e8tisman nan bagay vi mod\u00e8n. Se vre yo kontinye pran ti plezi nan k\u00e8k fason timoun tan pase yo te konn f\u00e8, men konsa tou yo mete anpil nan sa ki te f\u00e8 distraksyon yo sou kote akoz devlopman teknolojik yo. Enfliyans teknoloji a f\u00e8 yo mete sou kote anpil nan jw\u00e8t pase yo ki sitou te konn ankouraje aktivite k\u00f2por\u00e8l. Ann pale sou jw\u00e8t kons\u00f2l elektwonik ak jw\u00e8t sou ent\u00e8n\u00e8t.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-jwet-konsol-elektwonik\">Jw\u00e8t kons\u00f2l elektwonik<\/h2>\n\n\n\n<p>Li enp\u00f2tan pou konnen ke plizy\u00e8 kons\u00f2l jw\u00e8t te deja aktif nan l\u00f2t peyi devlope yo, paregzanp: <a href=\"#\">Odyssey de Magnavox<\/a>, <a href=\"#\">Atari<\/a>, ki te vin p\u00e8di plas li av\u00e8k rive <a href=\"#\">Nitendo<\/a>, te par\u00e8t sou mache depi lane 1972 e te kontinye f\u00e8 kous yo jouk lane 1989, kote peyi soudevlope yo te k\u00f2manse itilize yo.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-entenet-vin-paret\">Ent\u00e8n\u00e8t vin par\u00e8t<\/h2>\n\n\n\n<p>Ent\u00e8n\u00e8t vin bay timoun yo anpil anpil posibilite pou jwenn jw\u00e8t anliy. Sa ki lakoz yo ranplase yon pak\u00e8t nan div\u00e8tisman tan pase yo ak f\u00f2m jw\u00e8t elektwonik apati kreyasyon yon pil ak yon pak\u00e8t lojisy\u00e8l enf\u00f2matik pou jw\u00e8t. Nou ta ka pran paregzanp: <strong> <a href=\"#\">Las Vegas<\/a>, <a href=\"#\">Dixit<\/a>, <a href=\"#\">Diamant<\/a>, <a href=\"#\">Santorini<\/a>, <a href=\"#\">Kingdomino<\/a><\/strong>, elatriye. Al\u00e8kile, yo plis jwe <span style=\"text-decoration: underline;\">foutb\u00f2l<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">titato<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">kous<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">krapo<\/span>, <span style=\"text-decoration: underline;\">damye<\/span> sou \u00f2dinat\u00e8. Men l\u00e8 w ap gade yon timoun nan f\u00f2m jw\u00e8t sa yo, ou ka f\u00e8 plizy\u00e8 remak.<\/p>\n\n\n\n<p>Annou gade k\u00e8k avantaj jw\u00e8t ep\u00f2k kounye a ansanm ak k\u00e8k enkonv\u00e9nyan jw\u00e8t al\u00e8kile yo genyen tou.<br>Men k\u00e8k avantaj jw\u00e8t tan mod\u00e8n yo bay:<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><li>timoun yo jwenn distraksyon ki varye (t\u00e8lman gen anpil jw\u00e8t elektwonik ak anliy),<\/li><li>ouv\u00e8ti sou mache ekonomik ent\u00e8nasyonal la,<\/li><li>yo ankouraje j\u00e8n yo devlope wo nivo ent\u00e8lekty\u00e8l nan sa ki gen rap\u00f2 ak teknoloji.<\/li><\/ol>\n\n\n\n<p>Se pa avantaj s\u00e8lman yo bay s\u00e8lman. Men yo kapab lakoz k\u00e8k enkonv\u00e9nyan tou. Pami yo nou ka site:<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><li>Jw\u00e8t ep\u00f2k mod\u00e8n yo redui nan aktivite k\u00f2por\u00e8l yo,<\/li><li>yo pwodwi adiksyon lakay j\u00e8n yo,<\/li><li>epi yo dekouraje ent\u00e8raksyon ent\u00e8p\u00e8nosn\u00e8l ak sosyal.<\/li><\/ol>\n\n\n\n<p>Ann f&#8217;on ti pale plis an detay sou avantaj ak enkonv\u00e9nyan yo.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-avantaj-jwet-tan-moden-yo\">Avantaj jw\u00e8t tan mod\u00e8n yo<\/h2>\n\n\n\n<p>1) <strong>Yo bay distraksyon<\/strong>: Ou pa ka di l\u00e8 timoun ep\u00f2k koulye a ap jwe sou yon telef\u00f2n, li pa distr\u00e8 li. Piske yo gen yon vas majorite de jw\u00e8t yo kapab chwazi, sa vin f\u00e8 ke yo ka pase tout yon jounen ap jwe youn oswa yon plizy\u00e8 nan jw\u00e8t sa yo. L\u00e8 yo bouke ak youn, yo ka pran yon l\u00f2t byen rapid. Non s\u00e8lman gen anpil distraksyon yo ka bay, men tou yo ka gen yon avantaj pratik yo: yo f\u00e8 timoun yo abitye ak anpil tip lojisy\u00e8l mod\u00e8n, sa ki tou prepare yo pou mache travay la. <\/p>\n\n\n\n<p>2) <strong>Yo p\u00e8m\u00e8t kreyasyon anplw<\/strong>a: Sa se youn nan bon bagay jw\u00e8t mod\u00e8n yo pote. Vin gen anpil pwofesyon ki pran nesans; anpil enj\u00e9ny\u00e8 ak teknisyen jwenn bon anplwa. Pandan y ap jwe sou ent\u00e8n\u00e8t, yo ap bati anpil nan talan ak aptitid tecknik yo tou. Ann pran egzanp jw\u00e8t anliy ki p\u00e8m\u00e8t timoun yo abiye poupe oswa karakt\u00e8 avata yo kreye yo. Sa ka ede yo vin kreyatif nan dom\u00e8n f\u00e8 desen. E gen timoun ki devlope talan sa a swa pou yo kreye jw\u00e8t, f\u00e8 animasyon fim, swa pou f\u00e8 desen  pou maketing, logo, videyo, konsepsyon desen pou sit elatriye.<\/p>\n\n\n\n<p>K\u00e8k l\u00f2t avantaj ank\u00f2: 3) Yo p\u00e8m\u00e8t ouv\u00e8ti yon <strong>mache ent\u00e8nasyonal <\/strong>kote anpil lajan ap bwase. Se pa youn ak de milyon dola envestisman ki f\u00e8t nan endistri jw\u00e8t pou kreye lojisy\u00e8l, pwodui apar\u00e8y, elatriye. 4) Yo egzije bonjan <strong>konsatrasyon<\/strong>: Byen obs\u00e8ve yon timoun k ap jwe sou youn nan apar\u00e8y jw\u00e8t nou sot site la yo, sou odinat\u00e8 oswa telef\u00f2n, w ap w\u00e8 aktivite sa yo mande yon nivo konsasyon ki pa piti. 5) Yo chita sou entel\u00e8k menm depase 90%: Jw\u00e8t mod\u00e8n yo plis repoze sou aktivite ent\u00e8lekty\u00e8l timoun k ap jwe yo a. Yon timoun k ap fe aktivite sa f\u00e8 anpil ef\u00f2 ent\u00e8lekty\u00e8l.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-kek-enkonvenyan-jwe-tan-moden-yo\">K\u00e8k enkonv\u00e9nyan jw\u00e8 tan mod\u00e8n yo<\/h2>\n\n\n\n<p>1) Yo lak\u00f2z <span style=\"text-decoration: underline;\">rediksyon aktivite k\u00f2por\u00e8l<\/span>: sa vle di enfliyans yo nan lavi timoun yo lak\u00f2z aktivite k\u00f2por\u00e8l yo diminye, paske anpil ladan yo tou satisf\u00e8 l\u00e8 yo rete sou yon apar\u00e8y ap distr\u00e8 yo. Yo plis jwe foutb\u00f2l elektwonik koulye pase foutb\u00f2t rey\u00e8l la ki p\u00e8m\u00e8t devlopman teknik k\u00f2por\u00e8l pandan ent\u00e8lijans daksyon t ap alafwa devlope.<\/p>\n\n\n\n<p>2) <span style=\"text-decoration: underline;\">Yo pwodwi adiksyon<\/span>: A wi. Timoun k ap jwe sou \u00f2dinat\u00e8 souvan p\u00e8di t\u00e8t yo, kote yo konn t\u00e8lman adikte ak jw\u00e8t sa yo, yo neglije l\u00f2t asp\u00e8 enp\u00f2tan nan lavi yo. Tankou devwa yo, leson yo ta gen pou yo etidye, ijy\u00e8n yo. E sa ki pi r\u00e8d la, sa konn gen ef\u00e8 sou sante yo, kote yo vin ob\u00e8z. Yo manje nenp\u00f2t bagay, sitou frid\u00f2d\u00f2y; bagay ki tou f\u00e8t, bagay dous ak soda. Si w ta konn yon j\u00e8n ki sou wout pou l rive nan nivo sa a, souple ankouraje l pou l mennen yon lavi ki ekilibre ki gen aktivite fizik ladan l.<\/p>\n\n\n\n<div class=\"wp-block-image is-style-default\"><figure class=\"aligncenter size-full\"><img decoding=\"async\" src=\"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-content\/uploads\/2022\/02\/adiksyon-telefo\u0300n.jpg\" alt=\"\" class=\"wp-image-15566\"\/><figcaption>Apar\u00e8y mobil yo ka lakoz adiksyon<\/figcaption><\/figure><\/div>\n\n\n\n<p>3) Epi distraksyon ak pastan mod\u00e8n yo ki sou \u00f2dinat\u00e8, oswa l\u00f2t sa moun itilize sou ent\u00e8n\u00e8t pa mwayen tabl\u00e8t oswa telef\u00f2n ent\u00e8lijan <u>redui sou ent\u00e8raksyon ent\u00e8p\u00e8nosn\u00e8l ak sosyal<\/u> yo. Sa se rezilta lef\u00e8tke timoun yo rete poukont yo. Kapab gen anpil l\u00f2t enkonvenyan ke nou pa pale nan sij\u00e8 sa a. Pa egzanp: timoun yo konn imite move etadespri karakt\u00e8 ki nan jw\u00e8t elektwonik yo: yo konn vyolan, yo konn itilize move langaj, yo konn menm vin gen mwens resp\u00e8 pou paran yo. P\u00e8t\u00e8t nou ka pale sou asp\u00e8 sa yo nan yon l\u00f2t atik.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\" id=\"h-ankouraje-ekilib-nan-jwet-timoun-yo\">Ankouraje ekilib nan jw\u00e8t timoun yo<\/h2>\n\n\n\n<p>An rezime, li pa n\u00f2mal pou yon moun ta panse lavi yon timoun san yon anviw\u00f3nman ki favorize li div\u00e8ti l nan jw\u00e8t l ap f\u00e8. Jw\u00e8t f\u00e8 pati de sa ki lesansy\u00e8l timoun bezwen pou devlopman k\u00f2 l ak ent\u00e8lijans li. Kikonk, san sa, se k\u00f2msi se nan prizon li ye, e sa ap gen konsekans sou lavi l. Men konsa tou, li enp\u00f2tan anpil pou timoun yo pa adikte ak jw\u00e8t videyo yo. Espesyaliis yo konseye pou tan jw\u00e8t timoun yo sou videyo pa long yon fason pou yo pa p\u00e8di t\u00e8t yo. Sa ki souvan f\u00e8 move enpak sou etid yo nan lek\u00f2l. <\/p>\n\n\n\n<p>Nou konnen pou enter\u00e8 ak k\u00e8k byenf\u00e8 jw\u00e8t sa yo charye, y ap kontinye devlope epi vin pi rafine, men timoun bezwen f\u00e8 anpil jw\u00e8t ki ankouraje non s\u00e8lman devlopman ent\u00e8lkety\u00e8l konsa tou devlopman k\u00f2por\u00e8l, sitou kalte jw\u00e8t ki garanti resp\u00e8 youn pou l\u00f2t pandan atmosf\u00e8 viv ansanm sosyal la ap kontinye tabli.<\/p>\n\n\n\n<p>\u00c8ske gen k\u00e8k l\u00f2t avantaj ak enkonv\u00e9nyan ou vle pataje ak nou anplis de sa nou sot site yo swa sou jw\u00e8t nan tan lontan yo oswa sou distraksyon ep\u00f2k mod\u00e8n nan? \ud83d\udc81 Souple pataje repons ou nan k\u00f2mant\u00e8.  N ap byen kontan. Pa tw\u00f2 lontan, n ap pote yon l\u00f2t sij\u00e8 pou ou nan ribrik sa. Si w te retwouve w nan atik sa a, pa ezite reyaji: \ud83d\udc4d Like, \ud83d\udd14 Ab\u00f2ne epi \u2197\ufe0f Pataje. Sa ap f\u00e8 n plezi anpil anpil.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>F\u00e8 jw\u00e8t gen yon kokenchenn enp\u00f2tans nan devlopman timoun. Syantifikman palan, jwe pa s\u00e8lman gen benefis fizik, men tou li ofri anpil byenf\u00e8 emosyon\u00e8l, kognitif ak sosyal. Chanjman nan sosyete akty\u00e8l la bay gwo k\u00e8 sote \ud83d\ude33 sou lwazi timoun nou yo. Tan yo te konn pase ap jwe dey\u00f2 ap diminye, sa vin lakoz [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":12,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"products":"","jnews-multi-image_gallery":[],"jnews_single_post":[],"jnews_primary_category":[],"jnews_food_recipe":[],"enable_food_recipe":"","food_recipe_title":"","food_recipe_description":"","food_recipe_serve":"","food_recipe_time":"","food_recipe_prep":"","food_recipe_level":"","food_recipe_keywords":"","food_recipe_category":"","food_recipe_cuisine":"","food_recipe_yield":"","food_recipe_calories":"","enable_print_recipe":"","ingredient":[],"instruction":"","jnews_social_meta":[],"jnews_review":[],"enable_review":"","type":"","name":"","summary":"","brand":"","sku":"","good":[],"bad":[],"score_override":"","override_value":"","rating":[],"price":[],"jnews_override_counter":[],"jnews_post_split":[],"footnotes":""},"categories":[24,26],"tags":[317,260,319,256],"class_list":["post-15435","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-kilti","category-ht","tag-devlopman","tag-jwet","tag-tifi","tag-timoun"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/15435","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/users\/12"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=15435"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/15435\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=15435"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=15435"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/creole101.com\/blog\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=15435"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}